Lik 8:4-15

Lik 8:4-15 VKF

Yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti nan tout vil yo vin jwenn Jezi epi li rakonte yo parabòl sa a: “Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo. Gen lòt ki tonbe nan yon sou karyann. Yo kòmanse grandi men yo seche, paske yo pa jwenn ase tè mouye. Gen lòt toujou ki tonbe nan mitan pikan. Yo kòmanse grandi, men pikan yo toufe yo. Gen lòt menm ki tonbe nan bon tè. Yo grandi. Yo donnen anpil fwi, menm san fwa lavalè.” Lè l fin rakonte istwa a, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.” Disip Jezi yo mande l: “Ki sa parabòl sa vle di?” Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt Menm lè yo wè, yo pa vrèman wè. Menm lè yo tande, yo pa vrèman ni tande ni konprann. Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a. Gen moun se tankou grenn ki tonbe bò chemen an yo ye. Lè yo fin tande pawòl Bondye, Satan vini li fè yo bliye li pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove. Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye. Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt. Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.

Li Lik 8