Jonas 4:1-10

Jonas 4:1-10 1998 Haïtienne (HAT98)

Jonas pat kontan menm lè li wè sa, sa te fè l fache anpil. Li lapriyè Senyè a, li di l konsa: — Aa Senyè! Men sa m t'ap di a wi, lè m te nan peyi m lan. Se sa menm wi, mwen pat vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo. Kounyeya, Senyè, ou mèt tou touye m fini ak sa. M pito mouri pase pou m viv pou m wè bagay sa a devan je m! Senyè a reponn li: — Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa? Jonas kite lavil la, l'ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonnèl, li chita nan lonbray anba tonnèl la, l'ap tann pou l wè sa ki pral rive nan lavil la. Lè sa a, Senyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbray sou tèt li, pou li ka santi l pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a. Men, nan denmen maten, anvan bajou kase, Bondye fè yon mawoka pike pye masketi a. Pye masketi a mouri. Lèfini, fini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van cho soti bò solèy leve. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li. Misye mande mouri, li di konsa: — Pito mwen tou mouri mouri mwen kont fini! Men, Bondye mande l konsa: — Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi? Jonas reponn li: — Wi. Mwen gen rezon fache. M fache pou m mouri. Lè sa a, Senyè a reponn li: — Anhan! Ou pran lapenn pou yon ti pye maskreti ki pa koute ou anyen. Se pa ou ki te fè li grandi. Li pran yon sèl nwit pou li grandi. Apre yon sèl jou, li mouri.

Jonas 4:1-10 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jonas n’est pas content du tout, vraiment pas du tout. Il se met en colère. Il fait cette prière au SEIGNEUR : « Ah ! SEIGNEUR, je le savais bien quand j’étais encore dans mon pays. C’est pourquoi je me suis dépêché de fuir à Tarsis . Je le savais bien, tu es plein de tendresse et de pitié, patient, plein d’amour, et tu regrettes tes menaces. Maintenant, SEIGNEUR, laisse-moi mourir. Oui, je préfère la mort à la vie. » Le SEIGNEUR répond à Jonas : « Est-ce que tu as raison de te mettre en colère ? » Jonas sort de la ville et il s’arrête à l’est de Ninive. Là, il se construit un abri et s’assoit dessous, à l’ombre. Il veut voir ce qui va se passer dans la ville. Alors le SEIGNEUR Dieu fait pousser une plante au-dessus de Jonas. De cette façon, il aura de l’ombre et sera guéri de sa mauvaise humeur. Jonas est rempli de joie à cause de la plante. Mais le jour suivant, un peu avant le lever du soleil, Dieu envoie un ver. Le ver pique la plante, et la plante sèche. Puis, quand le soleil se lève, Dieu envoie de l’est un vent brûlant. Le soleil tape sur la tête de Jonas. Il va bientôt s’évanouir. Alors il souhaite la mort et dit : « Je préfère la mort à la vie. » Dieu demande à Jonas : « Est-ce que tu as raison de te mettre en colère à cause de cette plante ? » Jonas répond : « Oui, j’ai bien raison de me mettre en colère et de souhaiter la mort ! » Le SEIGNEUR lui dit : « Toi, tu as pitié de cette plante. Pourtant, elle ne t’a demandé aucun travail. Ce n’est pas toi qui l’as fait pousser. En une nuit elle a grandi, en une nuit elle a séché.

Jonas 4:1-10 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jonas pa t kontan ditou, lè li wè Bondye delivre pèp Niniv la. Li te fache anpil. Li priye SENYÈ a Konsa: “Koute m SENYÈ! Èske m pa t di se kon sa sa t apral pase, depi lè m te lakay mwen? Se poutèt sa mwen te kouri al kache nan peyi Tasis. Paske mwen konnen ou se yon Bondye ki konn fè gras. Ou gen anpil lanmou. Ou gen pasyans. Epi ou pa vle bay pinisyon. Kounye a SENYÈ, ou ta met touye m. Wi, mwen pito mouri pase m viv.” Alò, SENYÈ a reponn li: “Ki dwa ou genyen pou ou fache konsa?” Jonas kite vil la epi l ale nan yon zòn ki nan pati lès Niniv. Pandan li la, li fè yon joupa pou l rete. Li chita anba l, nan lonbray la, epi l rete ap tann pou l wè sa k t apral rive vil Niniv. SENYÈ Bondye fè yon pye maskriti pouse. Pye bwa sa a te grandi byen vit. Sa te fè Jonas kontan anpil, paske l te bare solèy pou li. Men, nan demen maten byen bonè, Bondye voye yon vèmin vin manje pye maskriti a, epi pye maskriti a mouri. Lè solèy la te byen wo nan syèl la, Bondye voye yon van cho soti nan direksyon lès. Solèy la te sitèlman cho sou tèt Jonas, li te prèt pou endispoze. Lè sa a, Jonas mande Bondye lanmò. Li di: “Mwen pito mouri pase pou m viv.” Bondye di Jonas: “Èske ou santi w fache vre, poutèt ou pèdi pye maskriti a?” Jonas reponn: “Wi, mwen ta pito m mouri tanpou m viv yon lavi konsa!” SENYÈ a di Jonas: “Ou pa fè anyen pou pye maskriti a. Se pa ni ou ki te plante l, ni ou ki te fè l grandi. Li pouse pandan yon nuit epi li mouri nan nuit apre a.

Jonas 4:1-10 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jonas le prit très mal et se mit en colère. Il adressa cette prière à l’Eternel : Ah, Eternel ! Je l’avais bien dit quand j’étais encore dans mon pays. Et c’est pour prévenir cela que je me suis enfui à Tarsis. Car je savais que tu es un Dieu plein de grâce et de compassion, lent à te mettre en colère et riche en amour, et que tu renonces volontiers à faire venir le malheur que tu as annoncé. Maintenant, Eternel, prends-moi donc la vie, car la mort vaut mieux pour moi que la vie. L’Eternel lui répondit : Fais-tu bien de te mettre en colère ? Jonas sortit de la ville et s’installa à l’est de la ville. Il se construisit là une cabane et s’assit dessous, à l’ombre, en attendant de voir ce qui se passerait dans la ville. L’Eternel Dieu fit pousser un ricin qui s’éleva plus haut que Jonas et lui donna de l’ombre sur la tête, afin de le détourner de sa mauvaise humeur. Et Jonas éprouva une grande joie à cause de ce ricin. Mais le lendemain, au lever du jour, Dieu fit venir un ver qui rongea le ricin, de sorte que le ricin se dessécha. Et lorsque le soleil se mit à briller, Dieu fit venir de l’est un vent brûlant, et le soleil tapa sur la tête de Jonas. Sur le point de tomber en défaillance, Jonas demanda la mort en disant : La mort vaut mieux pour moi que la vie. Dieu demanda à Jonas : Fais-tu bien de te mettre en colère à cause de ce ricin ? Il répondit : Oui, je fais bien de me mettre en colère au point de désirer la mort. Alors l’Eternel lui dit : Tu t’apitoies sur ce ricin qui ne t’a coûté aucune peine, que tu n’as pas fait pousser, et qui est sorti de terre en l’espace d’une nuit et a péri la nuit suivante.