Jonas 4:1-10

Jonas 4:1-10 VKF

Jonas pa t kontan ditou, lè li wè Bondye delivre pèp Niniv la. Li te fache anpil. Li priye SENYÈ a Konsa: “Koute m SENYÈ! Èske m pa t di se kon sa sa t apral pase, depi lè m te lakay mwen? Se poutèt sa mwen te kouri al kache nan peyi Tasis. Paske mwen konnen ou se yon Bondye ki konn fè gras. Ou gen anpil lanmou. Ou gen pasyans. Epi ou pa vle bay pinisyon. Kounye a SENYÈ, ou ta met touye m. Wi, mwen pito mouri pase m viv.” Alò, SENYÈ a reponn li: “Ki dwa ou genyen pou ou fache konsa?” Jonas kite vil la epi l ale nan yon zòn ki nan pati lès Niniv. Pandan li la, li fè yon joupa pou l rete. Li chita anba l, nan lonbray la, epi l rete ap tann pou l wè sa k t apral rive vil Niniv. SENYÈ Bondye fè yon pye maskriti pouse. Pye bwa sa a te grandi byen vit. Sa te fè Jonas kontan anpil, paske l te bare solèy pou li. Men, nan demen maten byen bonè, Bondye voye yon vèmin vin manje pye maskriti a, epi pye maskriti a mouri. Lè solèy la te byen wo nan syèl la, Bondye voye yon van cho soti nan direksyon lès. Solèy la te sitèlman cho sou tèt Jonas, li te prèt pou endispoze. Lè sa a, Jonas mande Bondye lanmò. Li di: “Mwen pito mouri pase pou m viv.” Bondye di Jonas: “Èske ou santi w fache vre, poutèt ou pèdi pye maskriti a?” Jonas reponn: “Wi, mwen ta pito m mouri tanpou m viv yon lavi konsa!” SENYÈ a di Jonas: “Ou pa fè anyen pou pye maskriti a. Se pa ni ou ki te plante l, ni ou ki te fè l grandi. Li pouse pandan yon nuit epi li mouri nan nuit apre a.