Jan 18:1-9
Jan 18:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, l'al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo. Jida, nonm ki te gen pou trayi l la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo. Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo te pote fannal ak gwo chandèl tou limen. Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l la, mache sou yo, li mande yo: — Ki moun n'ap chache? Yo reponn li: — Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: — Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l la, te la avèk yo. Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè. Lè sa a, Jezi mande yo ankò: — Ki moun n'ap chache? Yo di l: — Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi reponn yo: — Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo. Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi.
Jan 18:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Après que Jésus a dit cela, il part avec ses disciples, de l’autre côté du torrent du Cédron. Là, il y a un jardin où il entre avec ses disciples. Judas, celui qui va livrer Jésus, connaît cet endroit. En effet, Jésus est souvent venu là avec ses disciples. Judas conduit une troupe de soldats et des gardes du temple. Ils viennent de la part des chefs des prêtres et des Pharisiens. Ils arrivent dans le jardin avec des torches, des lampes et des armes. Jésus sait tout ce qui va lui arriver. Il s’avance et leur demande : « Qui cherchez-vous ? » Les soldats lui répondent : « Jésus de Nazareth. » Il leur dit : « C’est moi. » Avec les soldats, il y a aussi Judas, celui qui livre Jésus. Au moment où Jésus leur dit : « C’est moi », les soldats reculent et tombent par terre. Il leur demande une deuxième fois : « Qui cherchez-vous ? » Ils lui disent : « Jésus de Nazareth. » Jésus leur répond : « Je vous l’ai dit, c’est moi. Si c’est moi que vous cherchez, laissez partir ceux-là ! » De cette façon, ce que Jésus a annoncé se réalise : « Père, je n’ai perdu aucun de ceux que tu m’as donnés. »
Jan 18:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l. Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam. Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?” Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.” Li di yo: “Se mwen menm.” Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè. Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?” Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.” Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” Se kon sa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”
Jan 18:1-9 New International Version (NIV)
When he had finished praying, Jesus left with his disciples and crossed the Kidron Valley. On the other side there was a garden, and he and his disciples went into it. Now Judas, who betrayed him, knew the place, because Jesus had often met there with his disciples. So Judas came to the garden, guiding a detachment of soldiers and some officials from the chief priests and the Pharisees. They were carrying torches, lanterns and weapons. Jesus, knowing all that was going to happen to him, went out and asked them, “Who is it you want?” “Jesus of Nazareth,” they replied. “I am he,” Jesus said. (And Judas the traitor was standing there with them.) When Jesus said, “I am he,” they drew back and fell to the ground. Again he asked them, “Who is it you want?” “Jesus of Nazareth,” they said. Jesus answered, “I told you that I am he. If you are looking for me, then let these men go.” This happened so that the words he had spoken would be fulfilled: “I have not lost one of those you gave me.”
Jan 18:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après avoir ainsi parlé, Jésus s’en alla avec ses disciples et traversa le torrent du Cédron. Il y avait là un jardin où il entra avec eux. Or Judas, qui le trahissait, connaissait bien cet endroit, car Jésus s’y était souvent rendu avec ses disciples. Il prit donc la tête d’une troupe de soldats et de gardes fournis par les chefs des prêtres et les pharisiens, et il arriva dans ce jardin. Ces hommes étaient munis de lanternes, de torches et d’armes. Jésus, qui savait tout ce qui allait lui arriver, s’avança vers eux et leur demanda : Qui cherchez-vous ? Ils lui répondirent : Jésus de Nazareth. – Je suis Jésus, leur dit-il. Au milieu d’eux se tenait Judas, celui qui le trahissait. Au moment même où Jésus leur dit : « Je suis Jésus », ils eurent un mouvement de recul et tombèrent par terre. Une seconde fois, il leur demanda : Qui cherchez-vous ? – Jésus de Nazareth, répétèrent-ils. – Je vous ai dit que je suis Jésus, reprit-il. Puisque c’est moi que vous venez chercher, laissez partir les autres. Ainsi s’accomplit cette parole qu’il avait prononcée peu avant : « Je n’ai perdu aucun de ceux que tu m’as donnés. »