Jan 18

18
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)
1Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.
2Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. 3Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.
4Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”
5Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”
Li di yo: “Se mwen menm.”#18:5 Se mwen menm Ekspresyon sa a te ka gen menm sans isit la, menm jan ak nan 8:24, 28, 58; 13:19. Menm bagay nan vèsè 8. Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. 6Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.
7Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”
Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”
8Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” 9Se kon sa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”
10Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans#18:11 pran mezi soufrans Literalman, “bwè nan gode”. Jezi itilize ekspresyon sa a pou di li aksepte mezi soufrans li t ap ale sibi nan yon ti kras tan ankò. Papa a ban mwen an?”
Yo mennen Jezi devan Àn
(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)
12Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)
15Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”
Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”
18Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.
Gran prèt la kesyounen Jezi
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)
19Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. 21Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.”
22Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se kon sa ou ap reponn Chèf prèt la?”
23Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?”
24Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.
Pyè manti ankò
(Mat 26:71-75; Mak 14:69-72; Lik 22:58-62)
25Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?”
Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”
26Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?”
27Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante.
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mat 27:1-2, 11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)
28Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp#18:28 pa t ap pwòp Antre nan kote moun ki pa Jwif yo te ye, sa ta detwi pirifikasyon espesyal Jwif te konn fè pou yo te kapab pwòp ase pou adore Bondye. Gade nan Jan 11:55. pou manje nan manje fèt Pak la. 29Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”
30Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”
31Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”
Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32Se kon sa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.#18:32 Jezi te gentan di se krisifye yo t ap krisifye l pou l mouri, sa se dapre lalwa Women yo, men se pa dapre lalwa Jwif yo. Gade nan Jan 12:32 ansanm ak nòt ki ladan l.
33Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”
34Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”
35Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”
36Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”
37Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”
Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.
38Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. 39Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”
40Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.

Chwazi Kounye ya:

Jan 18: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an