Jan 18

18
Yo arete Jezi
(Matye 26.47-56; Mak 14.43-50; Lik 22.47-53)
1Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip #Mat 26.36; Mak 14.32; Lik 22.39; 2 Sam 15.23 li yo, l'al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo. 2Jida, #Mat 26.47-56; Mak 14.43-52; Lik 22.47-53 nonm #Lik 21.37 ki te gen pou trayi l la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo. 3Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo te pote fannal ak gwo chandèl tou limen. 4Jezi #Jan 19.28 menm ki te konnen sa ki te pou rive l la, mache sou yo, li mande yo:
— Ki moun n'ap chache?
5Yo reponn li:
— Jezi, nonm Nazarèt la.
Jezi di yo:
— Se mwen.
Jida, nonm ki t'ap trayi l la, te la avèk yo. 6Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè. 7Lè sa a, Jezi mande yo ankò:
— Ki moun n'ap chache?
Yo di l:
— Jezi, nonm Nazarèt la.
8Jezi reponn yo:
— Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo.
9Se #Jan 17.12 konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi. 10Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l, li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.) 11Men, #Mat 26.39 Jezi di Pyè konsa:
— Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m bwè gode soufrans Papa a ban m bwè a?
Yo mennen Jezi devan Àn
(Matye 26.57-58; Mak 14.53-54; Lik 22.54)
12Kolonn #Mat 26.57-75; Mak 14.53-72; Lik 22.54-71 sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li. 13Premye kote yo mennen l, se kay Àn. Àn te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a. 14Se #Jan 11.49,50 Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la!
Pyè di li pa disip Jezi
(Matye 26.69-70; Mak 14.66-68; Lik 22.55-57)
15Simon #Jan 20.3; 21.20; Tra 3.1 Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la. 16Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, sòti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre. 17Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa:
— Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a.
Pyè reponn li:
— Non. Mwen pa disip nonm sa a.
18Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l tou.
Granprèt la ap kèsyonnen Jezi
(Matye 26.59-66; Mak 14.55-64; Lik 22.66-71)
19Granprèt la poze Jezi kèsyon sou disip li yo ak sou sa l t'ap moutre yo. 20Jezi #Jan 7.14,26; Mat 10.27 reponn li:
— Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt. 21Poukisa w'ap kèsyonnen m konsa? Mande moun ki te tande m yo sa m te di yo. Yo menm yo konnen sa m te di.
22Antan #Jan 19.3; Tra 23.2 Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l ba l yon souflèt. Li di li:
— Se konsa w'ap reponn granprèt la?
23Jezi reponn li:
— Si m pale mal, moutre moun yo sa m di ki mal la a. Men, si m pale byen, poukisa ou frape mwen?
24Apre sa, Àn voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.
Yon dezyèm fwa Pyè trayi Jezi
(Matye 26.71-75; Mak 14.69-72; Lik 22.58-62)
25Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li:
— Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a.
Men, Pyè demanti sa, li di:
— Non. Mwen pa disip nonm sa a.
26Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa:
— Eske mwen pat wè ou nan jaden an avè li?
27Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante.
Jezi devan Pilat
(Matye 27.1-2,11-14; Mak 15.1-5; Lik 23.1-5)
28Apre #Mat 27.2,11-30; Mak 15.1-19; Lik 23.1-25 sa, sòti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pat antre nan palè a. Yo pat vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan. 29Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije sòti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo:
— Kisa nou di nonm sa a fè?
30Yo reponn li:
— Si nonm sa a pat yon malfektè, nou pa ta mennen l ba ou.
31Pilat #Jan 19.6,7; Tra 18.15 di yo:
— Poukisa nou pa pran l nou menm, pou nou jije l dapre lalwa nou?
Jwif yo reponn li:
— Nou pa gendwa touye pèsonn.
32Se #Jan 12.32,33; Mat 20.19 konsa pawòl Jezi te di lè l t'ap fè konnen jan l ta pral mouri a, ta pral rive vre.
33Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li:
— Eske se wa jwif yo ou ye?
34Jezi #Mat 16.13 reponn li:
— Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon eske se lòt moun ki di ou sa?
35Pilat #Jan 1.11; Mat 21.39 reponn li:
— Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè?
36Jezi reponn:
— Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè.
37#1 Tim 6.13; Jan 8.47; 10.27 sa a, Pilat di li:
— Si se konsa, ou se wa vre?
Jezi reponn li:
— Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.
38Pilat reponn li:
— Laverite? Kisa l ye?
Yo kondannen Jezi amò
Lè l fin di sa, Pilat sòti ankò, l'al jwenn jwif yo. Li di yo:
— Mwen pa wè rezon pou m kondannen nonm sa a. 39Dapre koutim nou, mwen toujou lage yon prizonye ban nou pou chak fèt Pak. Eske nou vle m'lage wa jwif yo ban nou.
40Lè sa a, yo tout pran rele:
— Non, nou pa vle li. Se Barabas pou lage ban nou!
Barabas sa a, se te yon ansasen granchemen.

Chwazi Kounye ya:

Jan 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an