2 Korent 6:14-18
2 Korent 6:14-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa? Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen. Se poutèt sa, Bondye te di nou: Sòti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou. M'a tankou yon papa pou nou. Nou menm, n'a tankou pitit gason m ak pitit fi mwen. Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.
2 Korent 6:14-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
N’allez pas avec ceux qui ne croient pas en Dieu, vous ne pouvez pas vivre ensemble. Ce qui est juste et ce qui est contraire à Dieu, est-ce que cela va ensemble ? Est-ce que la lumière va avec la nuit ? Est-ce que le Christ peut être d’accord avec Satan ? Est-ce qu’un croyant peut aller avec celui qui ne croit pas en Dieu ? Qu’est-ce qu’il y a de commun entre la maison de Dieu et les faux dieux ? Nous, nous sommes la maison du Dieu vivant. Dieu l’a dit : « Je vais habiter et vivre au milieu d’eux. Je serai leur Dieu, et ils seront mon peuple. » C’est pourquoi le Seigneur Dieu dit : « Quittez ces gens-là et allez loin d’eux ! Ne touchez pas à ce qui est impur, et moi, je vous accueillerai. » Le Seigneur tout-puissant dit encore : « Je serai pour vous un père, et vous serez pour moi des fils et des filles. »
2 Korent 6:14-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pa fè ekip ak moun ki pa kwè nan Bondye. Byen ak mal pa ka viv ansanm. Limyè ak tenèb pa ka rete nan menm chanm. Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la? Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.” “Se sa k fè pawòl Senyè a di: Soti nan mitan yo. Separe w, retire kò w sou yo. Pa touche anyen ki pa pwòp, epi m ap aksepte ou.” “M va yon papa pou ou ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen, se sa Senyè ki toupisan an di.”
2 Korent 6:14-18 New International Version (NIV)
Do not be yoked together with unbelievers. For what do righteousness and wickedness have in common? Or what fellowship can light have with darkness? What harmony is there between Christ and Belial? Or what does a believer have in common with an unbeliever? What agreement is there between the temple of God and idols? For we are the temple of the living God. As God has said: “I will live with them and walk among them, and I will be their God, and they will be my people.” Therefore, “Come out from them and be separate, says the Lord. Touch no unclean thing, and I will receive you.” And, “I will be a Father to you, and you will be my sons and daughters, says the Lord Almighty.”
2 Korent 6:14-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ne vous mettez pas avec des incroyants sous un joug qui n’est pas celui du Seigneur. En effet, ce qui est juste peut-il s’unir à ce qui s’oppose à sa loi ? La lumière peut-elle être solidaire des ténèbres ? Christ peut-il s’accorder avec le diable ? Que peut avoir en commun le croyant avec l’incroyant ? Quel accord peut-il exister entre le temple de Dieu et les idoles ? Car nous sommes, nous, le temple du Dieu vivant. Dieu lui-même l’a dit : J’habiterai et je marcherai au milieu d’eux. Je serai leur Dieu, et ils seront mon peuple . C’est pourquoi : ╵ Sortez du milieu d’eux, Séparez-vous d’eux, dit le Seigneur. N’ayez pas de contact avec ce qui est impur , alors je vous accueillerai . Je serai pour vous un Père, et vous serez pour moi des fils et des filles, dit le Seigneur, le Tout-Puissant .