Pa fè ekip ak moun ki pa kwè nan Bondye. Byen ak mal pa ka viv ansanm. Limyè ak tenèb pa ka rete nan menm chanm. Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la? Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.” “Se sa k fè pawòl Senyè a di: Soti nan mitan yo. Separe w, retire kò w sou yo. Pa touche anyen ki pa pwòp, epi m ap aksepte ou.” “M va yon papa pou ou ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen, se sa Senyè ki toupisan an di.”
Li 2 Kor 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kor 6:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo