2 Korent 6

6
1Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak #2 Kor 1.24; 5.20 Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye. 2Paske, #Eza 49.8; Lik 4.19,21 nan Liv la Bondye te di:
Mwen te koute ou, jou pou m'te kote ou la.
Mwen te pote ou sekou, jou pou m'te pote ou sekou a.
Men jou pou n'resevwa favè Bondye a rive. Se jodi a menm ki jou delivrans lan.
3Mwen pa ta vle pèsonn jwenn anyen pou kritike nan travay mwen. Se poutèt sa, m'ap chache mwayen nan travay mwen pou m pa bay pèsonn okazyon tonbe nan peche. 4Okontrè, #2 Kor 4.2 nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. 5Yo #2 Kor 11.23-27 bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun fè bann kont mwen, travay fin kraze m', nan pase nwit san dòmi, nan rete san manje. 6Mwen #1 Tim 4.12 fè tout moun wè se moun k'ap sèvi Bondye mwen ye nan jan m'mache dwat, nan jan m'konn verite a, nan jan m'gen pasyans ak bon kè, nan jan m'kite Sentespri dirije lavi mwen, nan yon renmen sensè, 7nan #1 Kor 2.4 jan m'ap mache bay verite a, nan jan Bondye soutni mwen ak pouvwa li. Zam mwen, se tout bagay ki dwat, kit pou atake, kit pou defann. 8Yon lè yo respekte mwen, yon lòt lè yo fè m wont. Yon lè yo pale byen pou mwen, yon lòt lè yo pale m mal. Yo fè m pase pou moun k'ap bay manti, men se verite a m'ap di. 9Yo #2 Kor 4.10; Sòm 118.18 fè nou pase pou moun pèsonn pa konnen, epoutan yo konnen nou byen pwòp. Yo pran nou pou moun mouri, men nou byen vivan. Nou pran anpil kou, men nou pa mouri. 10Yo #Fil 4.12,13 pran nou pou moun tris, men kè nou toujou kontan. Yo gade nou pou moun pòv, men nou fè anpil moun vin rich. Yo gade nou pou moun ki pa gen anyen, men se nou ki gen tout bagay.
11Zanmi m #Sòm 119.32 yo, moun Korent, mwen pale kare avè nou, mwen louvri tout kè m ban nou. 12Se pa mwen ki te fèmen kè m ban nou, se nou menm ki te fèmen kè nou ban mwen. 13Se #1 Kor 4.14 poutèt sa, m'ap pale avè nou tankou si nou te pitit mwen. Santiman mwen gen pou nou an se li menm tou pou nou gen pou mwen: louvri tout kè nou ban mwen.
Pran prekosyon nou ak moun ki pa kwè
14Pa #Ef 5.11 mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa? 15Kouman Kris la ta ka antann li ak Satan? Osinon, kisa yon moun ki kwè gen pou wè ansanm ak moun ki pa kwè? 16Kisa #1 Kor 3.16; Lev 26.12; Eze 37.27 kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa:
M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo.
M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.
17Se #Jer 51.45; Eze 20.34,41; Eza 52.11; Rev 18.4 poutèt sa, Bondye te di nou:
Sòti nan mitan moun sa yo.
Pa mele ak yo.
Pa manyen anyen nou pa dwe manyen.
Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.
18M'a #2 Sam 7.8; Eza 43.6; Jer 31.9; 32.38; Oze 1.10; Am 4.13 tankou yon papa pou nou.
Nou menm, n'a tankou pitit gason m ak pitit fi mwen.
Se Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

2 Korent 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an