2 Korent 7

7
1Mezanmi, se pou nou wi Bondye te fè tout pwomès sa yo. Ann kenbe kò nou ak nanm nou nan kondisyon pou n sèvi Bondye! Ann voye tout bagay ki ka wete nou nan kondisyon sa a jete! Ann chache viv apa pou Bondye! Ann viv nan krentif li!
Pòl kontan anpil
2Tanpri, #2 Kor 12.17; Tra 20.33 ban m yon ti plas nan kè nou! (Konprann mwen byen.) Mwen pa fè pèsonn okenn mal, pèsonn pa ka di mwen lakòz yo pèdi pozisyon yo. Pèsonn pa ka di mwen pwofite sou yo. 3Mwen #2 Kor 6.11-13 pa di nou sa pou kondannen nou. Mwen deja di nou sa: sitèlman mwen renmen nou, mwen pote nou sou kè mwen pou lavi ak pou lanmò. 4Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouray, kè m kontan nèt.
5Se #Tra 20.1,2 konsa, depi mwen te rive nan peyi Masedouàn, kè m pat poze menm: mwen jwenn traka tout jan. Yon bò mwen te nan gwo diskisyon ak kèk moun, yon lòt bò mwen te pè nan kè mwen. 6Men, #2 Kor 1.3,4; 2.13; Sòm 113.6; 138.6; Eza 66.2 Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouray te ban m kouray lè l te voye Tit vin jwenn mwen. 7Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouray mwen anpil tou lè li rakonte m jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m konnen jan nou anvi wè m, jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sa k fè, kounyeya mwen pi kontan toujou.
8Menm #2 Kor 2.4 si lèt mwen te ekri nou an te fè nou lapenn, mwen pa regrèt sa. Mwen te regrèt mwen te ekri l lè m te wè jan l te fè nou lapenn lè sa a. 9Men kounyeya, kè m kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal. 10Paske, #Mat 27.3-5; Eb 12.17 lè yon moun sipòte lapenn li jan Bondye vle l la, sa chanje kè li pou l ka rive sove. Pa gen anyen la a pou n regrèt. Men, lapenn nou sipòte jan tout moun fè l la, se touye l'ap touye nou. 11Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l la. Kounyeya, gade sa l fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitirasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou sòti pou defann tèt nou? Gade jan n te fache! Gade jan n te pè! Gade jan nou anvi wè m ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese pini moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pat koupab nan tout bagay sa yo.
12Se pa pou moun ki te fè sa ki mal la, ni pou moun yo te fè mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n te ka wè jan nou devwe pou mwen devan Bondye. 13Se poutèt sa, sa te ban m anpil ankourajman.
Se pa ankouraje sèlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankò lè m wè kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman. 14Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fè m wont. Mwen pa janm ban nou manti lè m'ap pale ak nou. Se konsa, sa m te di Tit sou nou an se te verite a tout bon. 15Kounyeya, li #2 Kor 2.9 vin renmen nou plis toujou lè l chonje jan nou tout nou te dispoze obeyi, jan nou te resevwa l avèk krentif sitèlman nou t'ap tranble. 16Mwen kontan nèt mwen ka toujou konte sou nou.

Chwazi Kounye ya:

2 Korent 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an