1 Pyè 2:4-12

1 Pyè 2:4-12 1998 Haïtienne (HAT98)

Pwoche vin jwenn Senyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li. Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki sòti nan kè nou, ofrann ki pou fè l plezi. Se poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè. Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm sòti wont. Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo. Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a. Anvan sa, nou pat menm yon nasyon. Men kounyeya, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pat gen pitye pou nou. Kounyeya, li gen pitye pou nou. Zanmi mwen yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulyeya paske nou se etranje, nou depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou. Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè l'a vin jije yo.

1 Pyè 2:4-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Approchez-vous du Seigneur Jésus. Il est la pierre vivante. Les gens l’ont rejetée, mais Dieu l’a choisie, et elle est précieuse à ses yeux. Approchez-vous de lui. Alors, vous aussi, comme des pierres vivantes, vous servirez à construire la maison de l’Esprit Saint. Vous formerez une communauté de prêtres saints, pour offrir des sacrifices selon l’Esprit de Dieu, et Dieu les acceptera à cause de Jésus-Christ. En effet, les Livres Saints disent de la part de Dieu : « Regardez ! J’ai choisi une pierre précieuse et je la pose dans la ville de Sion comme pierre principale. Celui qui s’appuie sur elle ne sera pas déçu. » Pour vous qui croyez, cette pierre vous donne de l’honneur. Mais pour ceux qui ne croient pas, « la pierre que les constructeurs ont rejetée, est devenue la pierre principale de la maison. » Et ailleurs ils disent : « C’est une pierre qui fait perdre l’équilibre, un rocher qui fait tomber. » Les gens se cognent contre elle parce qu’ils refusent de croire à la parole de Dieu, et c’est cela qui devait leur arriver. Mais vous, vous êtes la race choisie, la communauté des prêtres du Roi, la nation sainte. Vous êtes le peuple que Dieu a choisi pour annoncer les grandes choses qu’il a faites. Il vous a appelés à sortir de la nuit, pour vous conduire vers sa lumière magnifique. Autrefois, vous n’étiez pas le peuple de Dieu, mais maintenant, vous êtes son peuple. Autrefois, Dieu n’avait pas pitié de vous, mais maintenant, il a pitié de vous. Amis très chers, vous êtes des gens de passage et des étrangers sur cette terre. C’est pourquoi je vous le demande : ne suivez pas les désirs mauvais qui luttent contre vous. Au milieu de ceux qui ne connaissent pas Dieu, ayez une belle conduite. Alors, s’ils vous accusent faussement de faire le mal, ils verront vos bonnes actions, et ainsi, le jour où Dieu viendra, ils lui rendront gloire.

1 Pyè 2:4-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi, Senyè a, se wòch vivan an. Lemonn voye l jete, men se li menm Bondye chwazi kòm wòch ki gen plis valè a. Se poutèt sa, vin jwenn li. Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. Bib la di: “Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè, mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an. Moun ki mete konfyans yo nan li p ap janm wont.” Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo: “Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.” Pou moun sa yo, li se “yon wòch k ap fè moun fè bitay, yon wòch k ap fè moun tonbe.” Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo. Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a. Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye, men kounye a, nou se pèp Bondye. Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou, men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou. Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an. Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.

1 Pyè 2:4-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Approchez-vous de lui, car il est la pierre vivante que les hommes ont rejetée mais que Dieu a choisie et à laquelle il attache une grande valeur . Et vous aussi, comme des pierres vivantes, vous qui formez un temple spirituel, édifiez-vous pour constituer une sainte communauté de prêtres, chargés de lui offrir des sacrifices spirituels qu’il pourra accepter favorablement par Jésus-Christ. Voici, en effet, ce qu’on trouve dans l’Ecriture à ce sujet : Moi, je place en Sion ╵ une pierre angulaire choisie, d’une grande valeur. Celui qui met sa confiance en elle ne connaîtra jamais le déshonneur . Pour vous donc qui croyez : l’honneur ! Mais pour ceux qui ne croient pas : La pierre que les constructeurs ╵ ont rejetée est devenue la pierre principale, la pierre d’angle , une pierre qu’on heurte, un rocher qui fait trébucher . Parce qu’ils refusent de croire à la Parole, il leur arrive ce qui était prévu pour eux  : ils tombent à cause de cette pierre. Mais vous, vous êtes un peuple élu , une communauté de rois-prêtres , une nation sainte , un peuple que Dieu a pris pour sien, pour que vous célébriez bien haut les œuvres merveilleuses de celui qui vous a appelés à passer des ténèbres à son admirable lumière. Car vous qui autrefois n’étiez pas son peuple , vous êtes maintenant le peuple de Dieu . Vous qui n’aviez pas obtenu compassion , vous avez désormais obtenu compassion . Mes chers amis, vous êtes dans ce monde comme des résidents temporaires, des étrangers ; c’est pourquoi je vous le demande : ne cédez pas aux désirs de l’homme livré à lui-même : ils font la guerre en vous. Ayez une bonne conduite au milieu des païens. Ainsi, dans les domaines mêmes où ils vous calomnient en vous accusant de faire le mal, ils verront vos bonnes actions et loueront Dieu le jour où il interviendra dans leur vie.