1 Pyè 2:13-17
1 Pyè 2:13-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf. Soumèt nou devan majistra yo, paske wa a mete yo la pou pini moun ki fè sa ki pa sa epi pou yo fè lwanj moun k'ap fè sa ki byen. Paske, Bondye vle pou n fè sa ki byen, pou n ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann. Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sèvi Bondye. Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.
1 Pyè 2:13-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Obéissez aux autorités à cause du Seigneur : au roi parce qu’il est le chef de tous, et aussi aux gouverneurs. Le roi les envoie pour punir ceux qui font le mal et féliciter ceux qui font le bien. Dieu veut ceci : par vos bonnes actions, fermez la bouche aux gens stupides et ignorants. Conduisez-vous comme des personnes libres, mais votre liberté ne doit pas devenir comme une couverture pour cacher des actes mauvais. Conduisez-vous plutôt comme des serviteurs de Dieu. Ayez du respect pour tout le monde. Aimez vos frères et vos sœurs chrétiens. Honorez Dieu, respectez le roi.
1 Pyè 2:13-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Soumèt nou anba tout otorite ki nan lemonn poutèt Senyè a. Obeyi wa a ki pi gwo otorite a. Obeyi chèf wa a mete tou pou pini moun k ap fè move bagay ak pou rekonpanse moun k ap fè bon bagay. Lè n fè byen, nou fèmen bouch moun sòt yo, pou yo pa ka di move bagay sou nou. Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye. Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a.
1 Pyè 2:13-17 New International Version (NIV)
Submit yourselves for the Lord’s sake to every human authority: whether to the emperor, as the supreme authority, or to governors, who are sent by him to punish those who do wrong and to commend those who do right. For it is God’s will that by doing good you should silence the ignorant talk of foolish people. Live as free people, but do not use your freedom as a cover-up for evil; live as God’s slaves. Show proper respect to everyone, love the family of believers, fear God, honor the emperor.
1 Pyè 2:13-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Pour l’amour du Seigneur, soumettez-vous à vos semblables, qui sont des créatures de Dieu : au roi qui détient le pouvoir suprême, comme à ses gouverneurs chargés de punir les malfaiteurs et d’approuver les gens honnêtes. – Car voici ce que Dieu veut : c’est qu’en pratiquant le bien, vous réduisiez au silence toutes les calomnies portées contre vous par les insensés, dans leur ignorance. Vous agirez ainsi en hommes libres, sans faire pour autant de votre liberté un voile pour couvrir une mauvaise conduite, car vous êtes des serviteurs de Dieu. – Témoignez à tout homme le respect auquel il a droit, aimez vos frères et sœurs en la foi, « craignez Dieu, respectez le roi » !