1 Pyè 1:1-21

1 Pyè 1:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen menm Pyè, apot Jezikri, mwen ekri llèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a epi ki egzile nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. Se Bondye Papa a ki te chwazi nou dapre plan li te fè davans lan. Gremesi Sentespri li a, li mete nou apa pou li pou n obeyi Jezikri, pou san Jezikri ki koule pou nou an ka mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze. Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. N'ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la. Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an. Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt. Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou. Pwofèt yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye ta pral fè nou. Lespri Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la ta pral soufri, ansanm ak lwanj ki t'ap tann li apre sa. Men, yo t'ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa ta pral rive. Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa te pou yo, men se pou nou. Granmesi moun k'ap anonse levanjil la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulyeya, bagay ata zanj yo t'ap foure je chache konprann yo. Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt. Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pat konn Bondye. Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt. Si lè n'ap lapriyè, nou rele Bondye: Pap, li menm ki pa nan achte figi moun, men k'ap jije tout moun dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete nou sou tè a. Sonje Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk san Kris la menm ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni san ankenn enfimite. Bondye te chwazi l pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou. Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.

1 Pyè 1:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Pierre, apôtre de Jésus-Christ, j’écris à ceux que Dieu a choisis et qui vivent comme des étrangers dans les provinces du Pont, de la Galatie, de la Cappadoce, de l’Asie et de la Bithynie . Dieu le Père vous a choisis d’avance comme il l’avait prévu. Il a fait de vous un peuple saint par son Esprit, pour que vous obéissiez à Jésus-Christ et pour que son sang répandu vous rende purs. Que Dieu vous bénisse et vous donne la paix en abondance ! Chantons la louange de Dieu, le Père de notre Seigneur Jésus-Christ ! Dans sa grande bonté, il nous a fait naître une deuxième fois en relevant Jésus-Christ de la mort. Nous avons ainsi une espérance qui fait vivre, et nous pouvons attendre avec joie les biens que Dieu garde pour nous. Il les garde pour vous dans les cieux, là où ils ne peuvent s’abîmer, ni être salis, ni disparaître. Et vous-mêmes, si vous croyez, le Dieu puissant vous garde pour vous sauver. Ce salut, on le connaîtra à la fin des temps. C’est pourquoi vous êtes remplis de joie, même si toutes sortes de difficultés doivent vous rendre tristes pendant un peu de temps. Ces difficultés servent à montrer la qualité de votre foi. L’or peut s’abîmer, pourtant on le met dans le feu, pour voir s’il est pur. C’est pareil pour votre foi. Elle est plus précieuse que l’or, mais elle aussi est mise à l’épreuve. Alors, quand Jésus-Christ paraîtra, vous recevrez honneur, louange et gloire, à cause de la qualité de votre foi. Jésus, vous ne l’avez pas vu, et pourtant vous l’aimez. Vous ne le voyez pas maintenant, et pourtant vous croyez en lui. C’est pourquoi vous êtes remplis d’une très grande joie, une joie si grande qu’on ne peut même pas en parler. Cette joie, vous l’avez parce que vous êtes sauvés. Voilà la récompense que vous gagnez en croyant en Jésus. Les prophètes ont fait beaucoup de recherches au sujet de ce salut. Par avance, ils ont parlé du don que vous alliez recevoir. L’Esprit du Christ était en eux, et il a annoncé par avance les souffrances que le Christ allait supporter et la gloire qui allait suivre. Les prophètes ont cherché à comprendre à quel moment et de quelle façon ces choses allaient arriver. Voici ce que Dieu leur a appris : le message qu’ils donnaient n’était pas pour eux, mais pour vous. Maintenant, ceux qui annoncent la Bonne Nouvelle vous ont communiqué ce message, avec la puissance de l’Esprit Saint envoyé du ciel. Et ce message, les anges eux-mêmes désirent beaucoup le connaître. C’est pourquoi, soyez prêts à l’action ! Restez attentifs ! Mettez toute votre espérance dans le don que vous allez recevoir, quand Jésus-Christ paraîtra. Obéissez à Dieu, ne suivez donc pas les désirs que vous aviez autrefois, avant de connaître le Christ. Dieu vous a appelés et il est saint, alors vous aussi, devenez saints dans toute votre conduite. En effet, les Livres Saints disent : « Soyez saints, parce que moi, je suis saint. » Dans vos prières, vous appelez « Père » celui qui juge chacun selon ce qu’il a fait, sans faire de différence entre les gens. Alors, vivez en respectant Dieu avec confiance, pendant que vous êtes sur la terre. La façon de vivre que vous avez reçue de vos ancêtres ne menait à rien. Mais vous le savez, Dieu a payé un grand prix pour vous libérer de cette façon de vivre. En effet, il ne l’a pas fait avec des choses qui peuvent s’abîmer, comme l’or ou l’argent. Mais il vous a libérés avec le sang précieux du Christ, qui est comme un agneau sans défaut et sans tache. Dieu l’a choisi avant la création du monde, et pour votre bien, il l’a fait connaître maintenant, en ces temps qui sont les derniers. C’est par le Christ que vous croyez en Dieu, qui l’a réveillé de la mort et lui a donné la gloire. Voilà pourquoi vous mettez votre foi et votre espérance en Dieu.

1 Pyè 1:1-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se mwen menm Pyè, apot Jezikris, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt. M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans. Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a. N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo. Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo. Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen. Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike. Lafwa nou gen pou l bay rezilta, epi rezilta lafwa nou se delivrans nou. Pwofèt yo te fouye anpil epi yo te eseye aprann anpil bagay sou delivrans sa a. Yo te pale anpil sou gras Bondye te pare pou nou an. Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa. Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a. Se poutèt sa, mete tèt nou an plas pou n sèvi Bondye. Kontwole tèt nou, mete tout espwa nou nan kado nou pral resevwa lè Jezi va retounen. Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan. Menm jan moun ki rele nou an sen, nou menm tou se pou nou sen nan tout sa n ap fè. Paske men sa Bib la di: “Se pou nou sen paske mwen menm mwen sen.” N ap priye Bondye epi nou rele l papa, men l ap jije chak moun menm jan, dapre sa yo fè. Konsa, pandan nou se vizitè sou tè sa a, se pou n viv avèk krentif pou Bondye. Paske nou konnen byen pwòp se pa avèk bagay k ap pase, tankou lajan ak lò Bondye te rachte nou nan vye lavi nou te eritye nan gran paran nou yo. Men, se ak san Jezikris Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo. Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou. Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.

1 Pyè 1:1-21 New International Version (NIV)

Peter, an apostle of Jesus Christ, To God’s elect, exiles scattered throughout the provinces of Pontus, Galatia, Cappadocia, Asia and Bithynia, who have been chosen according to the foreknowledge of God the Father, through the sanctifying work of the Spirit, to be obedient to Jesus Christ and sprinkled with his blood: Grace and peace be yours in abundance. Praise be to the God and Father of our Lord Jesus Christ! In his great mercy he has given us new birth into a living hope through the resurrection of Jesus Christ from the dead, and into an inheritance that can never perish, spoil or fade. This inheritance is kept in heaven for you, who through faith are shielded by God’s power until the coming of the salvation that is ready to be revealed in the last time. In all this you greatly rejoice, though now for a little while you may have had to suffer grief in all kinds of trials. These have come so that the proven genuineness of your faith—of greater worth than gold, which perishes even though refined by fire—may result in praise, glory and honor when Jesus Christ is revealed. Though you have not seen him, you love him; and even though you do not see him now, you believe in him and are filled with an inexpressible and glorious joy, for you are receiving the end result of your faith, the salvation of your souls. Concerning this salvation, the prophets, who spoke of the grace that was to come to you, searched intently and with the greatest care, trying to find out the time and circumstances to which the Spirit of Christ in them was pointing when he predicted the sufferings of the Messiah and the glories that would follow. It was revealed to them that they were not serving themselves but you, when they spoke of the things that have now been told you by those who have preached the gospel to you by the Holy Spirit sent from heaven. Even angels long to look into these things. Therefore, with minds that are alert and fully sober, set your hope on the grace to be brought to you when Jesus Christ is revealed at his coming. As obedient children, do not conform to the evil desires you had when you lived in ignorance. But just as he who called you is holy, so be holy in all you do; for it is written: “Be holy, because I am holy.” Since you call on a Father who judges each person’s work impartially, live out your time as foreigners here in reverent fear. For you know that it was not with perishable things such as silver or gold that you were redeemed from the empty way of life handed down to you from your ancestors, but with the precious blood of Christ, a lamb without blemish or defect. He was chosen before the creation of the world, but was revealed in these last times for your sake. Through him you believe in God, who raised him from the dead and glorified him, and so your faith and hope are in God.

1 Pyè 1:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Pierre, apôtre de Jésus-Christ, salue ceux que Dieu a choisis et qui vivent comme des résidents étrangers, dispersés dans les provinces du Pont, de Galatie, de Cappadoce, d’Asie et de Bithynie. Dieu, le Père, vous a choisis d’avance, conformément à son plan, et vous avez été purifiés par l’Esprit, pour obéir à Jésus-Christ et bénéficier de l’aspersion de son sang. Que la grâce et la paix vous soient abondamment accordées. Béni soit Dieu, le Père de notre Seigneur Jésus-Christ. Dans sa grande compassion, il nous a fait naître à une vie nouvelle, pour nous donner une espérance vivante par la résurrection de Jésus-Christ. Car il a préparé pour nous un héritage qui ne peut ni se détruire, ni se corrompre, ni perdre sa beauté. Il le tient en réserve pour vous dans les cieux, vous qu’il garde, par sa puissance, au moyen de la foi, en vue du salut qui est prêt à être révélé au moment de la fin. Voilà ce qui fait votre joie, même si, actuellement, il faut que vous soyez attristés pour un peu de temps par diverses épreuves : celles-ci servent à éprouver la valeur de votre foi. Le feu du creuset n’éprouve-t-il pas l’or qui pourtant disparaîtra un jour ? Pourtant, votre foi qui a résisté à l’épreuve a une valeur beaucoup plus précieuse. Elle vous vaudra louange, gloire et honneur, lorsque Jésus-Christ apparaîtra. Jésus, vous ne l’avez pas vu, et pourtant vous l’aimez ; mais en plaçant votre confiance en lui sans le voir encore, vous êtes remplis d’une joie glorieuse et inexprimable, car vous obtenez en retour votre salut qui est le but de votre foi. Ce salut a fait l’objet des recherches et des investigations des prophètes qui ont annoncé d’avance la grâce qui vous était destinée. Ils cherchaient à découvrir à quelle époque et à quels événements se rapportaient les indications données par l’Esprit de Christ. Cet Esprit était en eux et annonçait à l’avance les souffrances du Messie et la gloire dont elles seraient suivies. Il leur fut révélé que le message dont ils étaient chargés n’était pas pour eux, mais pour vous. Et ce message vous a été communiqué maintenant par ceux qui vous ont annoncé la Bonne Nouvelle sous l’action de l’Esprit Saint envoyé du ciel ; les anges eux-mêmes ne se lassent pas de le découvrir. C’est pourquoi, tenez votre esprit en éveil et faites preuve de modération ; mettez toute votre espérance dans la grâce qui vous sera accordée le jour où Jésus-Christ apparaîtra. Comme des enfants obéissants, ne vous laissez plus diriger par les passions qui vous gouvernaient autrefois, au temps de votre ignorance. Au contraire, tout comme celui qui vous a appelés est saint, soyez saints dans tout votre comportement. Car voici ce que Dieu dit dans l’Ecriture : Soyez saints, car je suis saint . Dans vos prières, vous appelez Père celui qui juge impartialement tout homme selon ses actes. Par conséquent, pendant tout le temps de votre séjour en ce monde, que la crainte de Dieu inspire votre conduite. Vous avez été libérés de cette manière futile de vivre que vous ont transmise vos ancêtres et vous savez à quel prix. Ce n’est pas par des biens périssables comme l’argent et l’or. Non, il a fallu que Christ, tel un agneau pur et sans défaut, verse son sang précieux en sacrifice pour vous. Dès avant la création du monde, Dieu l’avait choisi pour cela, et il a paru, dans ces temps qui sont les derniers, pour agir en votre faveur. Par lui, vous croyez en Dieu, qui l’a ressuscité et lui a donné la gloire. Ainsi votre foi et votre espérance sont tournées vers Dieu.