1 Korent 7:25-40

1 Korent 7:25-40 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo, mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a. Akoz jan tan an ye kounye a, li pi bon pou rete jan w ye a. Ou marye ak yon fi? Pa chache kraze maryaj ou! Ou pa gen madanm? Pa chache yon madanm. Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou. Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm. Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l. Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se kon sa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò. Mwen pa vle nou chaje tèt nou. Tout sousi yon nonm ki pa marye se pou travay Senyè a. L ap chache jan pou l fè Senyè a plezi. Men yon nonm marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè madanm li plezi. Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi. Sa m ap di w la se enterè w m ap chache, se pa pye nou m ap chache mare. Mwen ta renmen chwazi pi bon jan pou nou sèvi Senyè a san distraksyon. Si yon jèn gason santi li fè fiyanse l ditò poutèt li pa ko marye avè l. Li pa ka kontwole pasyon kò li Si santiman yo tèlman fò youn pou lòt pou yo ta rete san yo pa marye. Se pou yo marye! Se pa yon peche. Men yon nonm ki gen fèm konviksyon epi ki pa anba presyon ki deside ak pwòp volonte l pou pa marye, li pa fè anyen ki mal. Yon nonm ki marye fè byen. Yon nonm ki pa marye fè pi byen toujou. Yon madanm dwe rete marye ak mari l toutotan li vivan. Men si mari a mouri, madanm nan lib pou l marye ak moun li vle. Sèl kondisyon: fòk moun sa se yon disip Senyè a. Men li t ap pi bon pou dam sa a si l te ret konsa. Sa se opinyon pa m. Mwen konsidere Sentespri a apwouve sa.

1 Korent 7:25-40 New International Version (NIV)

Now about virgins: I have no command from the Lord, but I give a judgment as one who by the Lord’s mercy is trustworthy. Because of the present crisis, I think that it is good for a man to remain as he is. Are you pledged to a woman? Do not seek to be released. Are you free from such a commitment? Do not look for a wife. But if you do marry, you have not sinned; and if a virgin marries, she has not sinned. But those who marry will face many troubles in this life, and I want to spare you this. What I mean, brothers and sisters, is that the time is short. From now on those who have wives should live as if they do not; those who mourn, as if they did not; those who are happy, as if they were not; those who buy something, as if it were not theirs to keep; those who use the things of the world, as if not engrossed in them. For this world in its present form is passing away. I would like you to be free from concern. An unmarried man is concerned about the Lord’s affairs—how he can please the Lord. But a married man is concerned about the affairs of this world—how he can please his wife— and his interests are divided. An unmarried woman or virgin is concerned about the Lord’s affairs: Her aim is to be devoted to the Lord in both body and spirit. But a married woman is concerned about the affairs of this world—how she can please her husband. I am saying this for your own good, not to restrict you, but that you may live in a right way in undivided devotion to the Lord. If anyone is worried that he might not be acting honorably toward the virgin he is engaged to, and if his passions are too strong and he feels he ought to marry, he should do as he wants. He is not sinning. They should get married. But the man who has settled the matter in his own mind, who is under no compulsion but has control over his own will, and who has made up his mind not to marry the virgin—this man also does the right thing. So then, he who marries the virgin does right, but he who does not marry her does better. A woman is bound to her husband as long as he lives. But if her husband dies, she is free to marry anyone she wishes, but he must belong to the Lord. In my judgment, she is happier if she stays as she is—and I think that I too have the Spirit of God.

1 Korent 7:25-40 1998 Haïtienne (HAT98)

Kanta pou moun ki pa marye yo, Senyè a pa ban m okenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m, epi nou te mèt fè m konfyans akòz favè Bondye fè m nan kè sansib li gen pou mwen an. Jan tan an difisil kounyeya, men lide m fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l ye a. Si l gentan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l poko marye, li pa bezwen chache yon madanm. Si l ta vle marye tou, li mèt. Li p'ap fè okenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo. Frè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi kounyeya, se pou moun marye yo viv tankou si yo pat marye. Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pat pou yo. Moun ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye kounyeya nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò. Mwen pa ta renmen wè nou gen okenn tèt chaje. Yon nonm ki pa marye, l'ap okipe zafè Senyè a sèlman. L'ap chache fè Senyè a plezi. Yon moun ki marye, l'ap okipe zafè lemonn tou paske l'ap chache fè madanm li plezi. Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, se zafè Senyè a sèlman y'ap okipe paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi. Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pèsonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m ap sèvi Senyè a san dezanpare. Ann wè kounyeya kèsyon de fyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l te dwe ak jenn fi a, si l pa ka kontwole lanvi l ankò, si l wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l vle l la. Li pa fè okenn peche pou sa. Konsa tou, si jenn gason an pran fèm desizyon pou l pa marye, si l kapab kontwole volonte l, si li deside nan tèt li se sa pou l fè, enben, li fè byen si l pa marye ak jenn fi a. Konsa, jenn gason ki marye ak fyanse l la fè byen. Men, sa ki pa marye a fè pi byen toujou. Yon fanm marye gen angajman ak mari l toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la. Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l rete jan l ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.

1 Korent 7:25-40 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Pour ceux qui ne sont pas mariés, je n’ai pas d’ordre du Seigneur. Mais je donne mon avis : c’est l’avis d’un homme digne de confiance, parce que le Seigneur a été bon pour lui. Voici ce que je pense : à cause des difficultés actuelles, c’est une bonne chose de ne pas être marié. Oui, il est bon pour chacun de rester comme il est. Est-ce que tu as une femme ? Ne cherche pas à la quitter. Tu n’as pas de femme ? Ne cherche pas à te marier. Pourtant, si tu te maries, tu ne commets pas de péché. Et si une jeune fille se marie, elle ne commet pas de péché. Mais les gens mariés auront beaucoup à souffrir dans leur vie de tous les jours, et moi, je voudrais vous éviter cela. Frères et sœurs chrétiens, je vous le dis, il reste peu de temps. Dès maintenant, ceux qui ont une femme doivent vivre comme s’ils n’en avaient pas. Ceux qui pleurent doivent vivre comme s’ils ne pleuraient pas. Ceux qui sont dans la joie doivent vivre comme s’ils n’étaient pas dans la joie. Ceux qui achètent doivent vivre comme si les choses achetées n’étaient pas à eux. Ceux qui profitent de ce monde doivent vivre comme s’ils n’en profitaient pas. En effet, le monde d’aujourd’hui ne va pas durer toujours. Je voudrais que vous n’ayez pas de soucis. Celui qui n’est pas marié s’occupe des affaires du Seigneur, il cherche à plaire au Seigneur. Mais celui qui est marié s’occupe des affaires du monde, il cherche à plaire à sa femme, et ainsi, il est partagé. La femme qui n’est pas mariée ou la jeune fille s’occupent des affaires du Seigneur. Elles cherchent à lui appartenir totalement en lui donnant toute leur personne. Mais la femme mariée s’occupe des affaires du monde, elle cherche à plaire à son mari. Je vous dis cela dans votre intérêt, et non pour vous tendre un piège. Je souhaite que vous choisissiez ce qui est le mieux, en vous attachant au Seigneur et à lui seul. Un jeune homme désire fortement sa fiancée. Il pense qu’il risque de mal agir avec elle, et qu’ils doivent se marier. Alors il doit faire comme il veut. Tous deux n’ont qu’à se marier, ce jeune homme ne commet pas de péché. Mais il peut décider fermement dans son cœur de ne pas se marier et de ne pas coucher avec sa fiancée. S’il décide vraiment cela dans son cœur, sans être forcé et en restant maître de ses désirs, il fait bien de ne pas se marier. Ainsi celui qui se marie avec sa fiancée agit bien, mais celui qui ne se marie pas avec elle fait encore mieux. La femme reste liée à son mari pendant tout le temps qu’il vit. Si son mari meurt, elle est libre de se marier avec l’homme qu’elle veut, mais à une condition : cet homme doit être chrétien. Pourtant, à mon avis, elle sera plus heureuse si elle reste comme elle est. Et moi aussi, je crois avoir l’Esprit de Dieu !

1 Korent 7:25-40 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Pour ce qui est des jeunes filles, je n’ai pas d’ordre du Seigneur, mais je donne mon avis comme celui d’un homme qui, par la grâce du Seigneur, est digne de confiance : à cause des détresses de l’heure présente, j’estime qu’il est bon pour chacun de demeurer comme il est. As-tu une femme ? Ne cherche pas à rompre. N’as-tu aucun engagement ? Ne cherche pas de femme. Mais si tu te maries, tu ne commets pas de péché. Ce n’est pas non plus un péché pour une jeune fille de se marier. Mais les gens mariés connaîtront bien des souffrances et je voudrais vous les épargner. Je vous assure, frères et sœurs : le temps est limité ; que désormais ceux qui sont mariés vivent comme s’ils n’avaient pas de femme, ceux qui pleurent comme s’ils ne pleuraient pas, ceux qui se réjouissent comme s’ils ne se réjouissaient pas, ceux qui achètent comme s’ils ne possédaient rien. Bref, que tous ceux qui jouissent des biens de ce monde vivent comme s’ils n’en jouissaient pas. Car le présent ordre des choses va vers sa fin. C’est pourquoi je voudrais vous savoir libres de toute préoccupation. Celui qui n’est pas marié se préoccupe des intérêts du Seigneur. Son seul souci est de lui plaire. Celui qui est marié s’occupe des affaires de ce monde, pour plaire à sa femme ; et le voilà tiraillé de part et d’autre. De même la veuve et la jeune fille n’ont pas d’autre souci que les intérêts du Seigneur, pas d’autre désir que de se dévouer à lui corps et esprit. La femme mariée, elle, se préoccupe des affaires de ce monde, pour plaire à son mari. Je dis cela dans votre propre intérêt et non pour vous tendre un piège, mais pour que vous meniez une vie bien ordonnée, et que vous soyez attachés au Seigneur sans partage. Mais si quelqu’un craint de mal se comporter envers la jeune fille qui lui est destinée et pense que les choses doivent suivre leur cours normal, qu’il fasse ce qui lui semble bon ; il ne commet pas de faute. Que tous deux se marient ! Mais si cet homme a pris en lui-même une ferme résolution, sans y être contraint, mais dans la pleine possession de sa volonté, et si la décision qu’il a ainsi prise en lui-même est de ne pas s’unir à la jeune fille, il fera bien. En somme, celui qui épouse la jeune fille fait bien, et celui qui ne l’épouse pas fera encore mieux. Un dernier mot : une femme demeure liée à son mari aussi longtemps qu’il vit ; mais si le mari vient à mourir, elle est libre de se remarier avec qui elle veut, à condition, bien entendu, que ce soit avec un chrétien. Toutefois, à mon avis, elle sera plus heureuse si elle reste comme elle est ; et je pense, moi aussi, avoir l’Esprit de Dieu.