1 Kor 7:25-40

1 Kor 7:25-40 VKF

Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo, mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a. Akoz jan tan an ye kounye a, li pi bon pou rete jan w ye a. Ou marye ak yon fi? Pa chache kraze maryaj ou! Ou pa gen madanm? Pa chache yon madanm. Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou. Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm. Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l. Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se kon sa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò. Mwen pa vle nou chaje tèt nou. Tout sousi yon nonm ki pa marye se pou travay Senyè a. L ap chache jan pou l fè Senyè a plezi. Men yon nonm marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè madanm li plezi. Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi. Sa m ap di w la se enterè w m ap chache, se pa pye nou m ap chache mare. Mwen ta renmen chwazi pi bon jan pou nou sèvi Senyè a san distraksyon. Si yon jèn gason santi li fè fiyanse l ditò poutèt li pa ko marye avè l. Li pa ka kontwole pasyon kò li Si santiman yo tèlman fò youn pou lòt pou yo ta rete san yo pa marye. Se pou yo marye! Se pa yon peche. Men yon nonm ki gen fèm konviksyon epi ki pa anba presyon ki deside ak pwòp volonte l pou pa marye, li pa fè anyen ki mal. Yon nonm ki marye fè byen. Yon nonm ki pa marye fè pi byen toujou. Yon madanm dwe rete marye ak mari l toutotan li vivan. Men si mari a mouri, madanm nan lib pou l marye ak moun li vle. Sèl kondisyon: fòk moun sa se yon disip Senyè a. Men li t ap pi bon pou dam sa a si l te ret konsa. Sa se opinyon pa m. Mwen konsidere Sentespri a apwouve sa.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Kor 7:25-40