1 Korent 7:12-17
1 Korent 7:12-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Pou lòt yo menm, men sa m'ap di (fwa sa a, sa se konsèy pa mwen, sa pa sòti nan Senyè a): Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l kontinye viv avè l, mari a pa gendwa mete l deyò. Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a. Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak mari l ki gen konfyans. Si sa pat konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo. Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen okenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze. Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou? Esèpte nan ka sa yo, se pou chak moun kontinye viv dapre gras Bondye fè yo, epi selon jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.
1 Korent 7:12-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Aux autres , voici ce que je dis, et cette fois, c’est moi qui le dis, et non le Seigneur : si un chrétien a une femme qui n’est pas chrétienne, et si cette femme veut continuer à vivre avec lui, il ne doit pas la renvoyer. Si une chrétienne a un mari qui n’est pas chrétien, et si celui-ci veut continuer à vivre avec elle, elle ne doit pas renvoyer son mari. En effet, le mari qui n’est pas chrétien est proche de Dieu, parce qu’il est uni à sa femme. La femme qui n’est pas chrétienne est proche de Dieu, parce qu’elle est unie à son mari. Sinon, vos enfants seraient comme des enfants séparés de Dieu, mais en réalité, ils sont proches de Dieu. Pourtant, si celui qui n’est pas chrétien veut partir, il peut le faire. Dans ce cas, celui qui est chrétien, le mari ou la femme, n’est plus lié à l’autre, car Dieu vous appelle à vivre dans la paix. Toi qui es chrétienne, est-ce que tu es sûre de sauver ton mari ? Et toi qui es chrétien, est-ce que tu es sûr de sauver ta femme ? Quand Dieu vous a appelés, vous viviez dans la situation que le Seigneur vous avait donnée. Donc, à part ce que je viens de dire, chacun doit continuer à vivre dans cette situation. Voilà la règle que je donne dans toutes les Églises.
1 Korent 7:12-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. Si yon madanm kwayan gen yon mari ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. Mari ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon l ak madanm li ki kwayan. Madanm ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon li ak ki kwayan. Si se pa sa, pitit yo fè t ap tankou moun ki pa gen anyen pou wè ak Bondye. Poutan yo trè pwòch Bondye. Men si mari a oubyen madanm ki pa kwayan an deside pou l retire kò l, kite l ale. Lè ka sa a rive, kwayan an, swa mari a swa madanm nan, li lib pa rapò ak relasyon sa a. Bondye rele pou nou viv anpè. Ou pa janm konnen! Se petèt ou menm madanm Bondye ap sèvi pou sove mari w. Se petèt ou menm mari, Bondye ap sèvi pou sove madanm ou. Sèlman, se pou chak moun kontinye viv selon lòd Senyè a ba li ak nan kondisyon Bondye te rele l la. Sa se prensip mwen bay kwayan nan tout legliz yo pou yo swiv.
1 Korent 7:12-17 New International Version (NIV)
To the rest I say this (I, not the Lord): If any brother has a wife who is not a believer and she is willing to live with him, he must not divorce her. And if a woman has a husband who is not a believer and he is willing to live with her, she must not divorce him. For the unbelieving husband has been sanctified through his wife, and the unbelieving wife has been sanctified through her believing husband. Otherwise your children would be unclean, but as it is, they are holy. But if the unbeliever leaves, let it be so. The brother or the sister is not bound in such circumstances; God has called us to live in peace. How do you know, wife, whether you will save your husband? Or, how do you know, husband, whether you will save your wife? Nevertheless, each person should live as a believer in whatever situation the Lord has assigned to them, just as God has called them. This is the rule I lay down in all the churches.
1 Korent 7:12-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Pour les autres couples, en l’absence d’indication de la part du Seigneur, voici ce que je dis : si un frère chrétien est marié avec une femme non-croyante et qu’elle consente à rester avec lui, qu’il ne la quitte pas. De même, si une femme a un mari non-croyant et qu’il consente à rester avec elle, qu’elle ne le quitte pas. Car du fait de son union avec sa femme, le mari non-croyant est bien un mari légitime aux yeux de Dieu et de même, du fait de son union avec son mari chrétien, la femme non-croyante est bien une épouse légitime aux yeux de Dieu. Autrement, leurs enfants seraient des enfants naturels, alors qu’en réalité ils sont légitimes. Mais si le conjoint non-croyant est déterminé à demander le divorce, eh bien, qu’il le fasse ; dans ce cas, le frère ou la sœur n’est pas lié. Dieu vous a appelés à vivre dans la paix. Car toi, femme, tu amèneras peut-être ton mari au salut, mais en fait qu’en sais-tu ? De même, toi, mari, tu amèneras peut-être ta femme au salut, mais en fait, qu’en sais-tu ? En dehors de ce cas, tenez-vous-en à la règle générale que j’enseigne partout dans toutes les Eglises : que chacun continue à vivre dans la condition que le Seigneur lui a assignée comme sa part, celle dans laquelle il se trouvait au moment où Dieu l’a appelé.