Pou lòt yo menm, men sa m'ap di (fwa sa a, sa se konsèy pa mwen, sa pa sòti nan Senyè a): Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l kontinye viv avè l, mari a pa gendwa mete l deyò. Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a. Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak mari l ki gen konfyans. Si sa pat konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo. Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen okenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze. Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou? Esèpte nan ka sa yo, se pou chak moun kontinye viv dapre gras Bondye fè yo, epi selon jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo.
Li 1 Korent 7
Koute 1 Korent 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 7:12-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo