Marc 7

7
1 # Mat 15:1-20 Farizyen yo avèk kèk nan skrib yo te antoure Jésus lè yo te sòti Jérusalem. 2Lè yo te wè ke kèk nan disip Li yo t ap manje pen avèk men #Mat 15:2enpi, sa vle di, san lave, 3(pwiske Farizyen yo avèk tout Jwif yo pa manje sof ke yo lave men yo kòrèk, pou obsève #Mc 7:5,8,9,13tradisyon a ansyen yo. 4Lè yo sòti nan mache, yo pa manje sof ke yo gen tan benyen. Anplis yo gen anpil lòt bagay ke yo konn resevwa kon prensip, tankou lavaj a #Mat 23:25tas, avèk krich, ak po kwiv yo.)
5Pou sa, Farizyen yo ak skrib yo te mande L: “Poukisa disip ou yo pa mache selon #Mc 7:3,8,9,13tradisyon ansyen yo, men manje pen avèk men ki pa lave?”
6Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kom ipokrit, lè li te ekri: #És 29:13 ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen. 7#És 29:13Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’
8 “Nou neglije kòmandman a Bondye yo, pou kenbe tradisyon a lòm yo—kon lavaj krich yo ak anpil lòt bagay” #Mc 7:3,5,9,13 9Li t ap di yo anplis: “ Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo. 10Paske Moïse te di: #Egz 20:12‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi #Egz 21:17‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
11 “Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se #Lev 1:2Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”), 12“Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l. 13Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak #Mc 7:3-9tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”
14Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann: 15Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal. 16Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”
17Lè Li te kite foul la, Li te antre #Mc 2:1nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.
18Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l, 19paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje #Luc 11:41pwòp.)
20Li te di: #Mat 15:18“Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, #Mat 6:23jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
24 # Mat 15:21-28 Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.
25Men lè yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li. 26Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.
27Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”
28Men fanm nan te reponn Li: “Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti moso ke timoun yo lese tonbe yo.”
29Konsa Li te di li: “Akoz repons sa a, al fè wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a.”
30E lè fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.
31 # Mat 15:29-31 Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.
32Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou #Mc 5:23mete men Li sou li.
33 # Mc 8:23 Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a. 34Pandan Li gade vè syèl la, Li te #Mc 8:12soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!” 35Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.
36Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te #Mc 1:45kontinye gaye nouvèl la toupatou. 37Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.

Chwazi Kounye ya:

Marc 7: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte