Marc 6

6
1 # Mat 13:54-58 Jésus te kite la. Li te vini nan #Luc 4:16-23pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li. 2Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse #Mat 4:23enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?” 3Se pa #Mat 13:55chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te #Mat 11:6ofanse de Li.
4Konsa, Jésus te di yo: #Mat 13:57“Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.” 5Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te #Mc 5:23poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo. 6Li te etone pa enkredilite yo.
Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.#Mat 9:35 7#Luc 10:4-11 Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti #Luc 10:1de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo. 8#Mat 10:10Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo; 9men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.
10Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la. 11Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, #Mat 10:14souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!”
12 # Mat 11:1 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti. 13Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap #Jc 5:14onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo.
14 # Mat 14:1-12 Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.
15Men lòt t ap di: “Li menm se #Mat 16:14Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”.
16Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!” 17Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz #Mat 14:3Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l. 18Paske Jean t ap di a Hérode: #Mat 14:4“Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”. 19Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l; #Mat 14:3 20Paske #Mat 21:26Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.
21Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te #Est 1:3ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée. 22#Mat 14:3fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”. 23Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, #Est 5:3-6jiska mwatye wayòm mwen an”.
24Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”.
25Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.
26Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l. 27Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an. 28Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.
29Lè disip li yo te tande sa, yo te vin pran kò l, e te mete l nan yon tonm.
30 # Mat 10:2 Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.
31Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje.
32 # Mc 8:2-9 Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo. 33Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.
34Lè Jésus te rive atè, Li #Mat 9:36te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske #Nonb 27:17yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.
35Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta. 36Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo.”
37Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” #Jn 6:7
Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”
38Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.
39Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la. 40Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn. 41Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te #Mat 14:9beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
42Yo tout te manje, e yo te satisfè. 43Yo te ranmase douz #Mat 14:21panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason. 44Te gen #Mat 14:21senk-mil mesye ki te manje pen yo.
45 # Mat 14:22-32 Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale. 46Lè Li fin #Trav 18:18-21di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.
47Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li. 48Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon #Mat 24:43katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.
49Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò; 50pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: #Mat 9:2“Pran kouraj! Se Mwen menm! #Mat 14:27Pa pè.” 51Li te antre #Mc 6:32nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi. 52Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di.
# Mc 8:17; Wo 11:7 53#Jn 6:24Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè. 54Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo. 55Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.
56Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman #Mc 3:10touche #Mat 9:20rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.

Chwazi Kounye ya:

Marc 6: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte