Matthïeu 16

16
1 # Mc 8:11-21 Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.
2Men Li te reponn yo: #Luc 12:54“Lè se nan aswè, nou di ‘l ap fè bon tan, paske syèl la wouj’. 3Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ #Luc 12:56Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo? 4#Mat 12:39Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.
5Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.
6Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
7Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”
8Men Jésus, okouran de sa, te di yo: #Mat 6:30“O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen? 9Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan #Mat 14:17-21senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase? 10Ni #Mat 15:34-38sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase? 11Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
12Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a #Mat 3:7Farizyen ak Sadiseyen yo.
13 # Mc 8:27-29 Alò, lè Jésus te vini nan landwa Césarée de Philippe, Li te kòmanse mande disip Li yo: “Ki moun yo di ke Fis a Lòm nan ye?”
14Yo te di: “Kèk moun di ke se #Mat 14:2Jean Baptiste, lòt #Mat 17:10Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”
15Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”
16Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, #Mat 4:3Fis a #Sòm 42:2Bondye vivan an.”
17Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la. 18Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se #Mat 4:18 Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi #Mat 11:23 mò yo p ap kapab venk li. 19M ap bay ou kle wayòm syèl la; #Mat 18:18nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”
20 # Mat 8:4 Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.
21 # Mc 8:31-38 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.
22Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”
23Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M #Mat 4:10 Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”
24Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, #Mat 10:38pran kwa li e swiv Mwen. 25Paske #Mat 10:39nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li. 26Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
27 “Paske Fis a Lòm nan #Mc 8:38ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
28 “Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”

Chwazi Kounye ya:

Matthïeu 16: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte