1
Matthïeu 16:24
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.
Konpare
Eksplore Matthïeu 16:24
2
Matthïeu 16:18
Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.
Eksplore Matthïeu 16:18
3
Matthïeu 16:19
M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”
Eksplore Matthïeu 16:19
4
Matthïeu 16:25
Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li.
Eksplore Matthïeu 16:25
5
Matthïeu 16:26
Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
Eksplore Matthïeu 16:26
6
Matthïeu 16:15-16
Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?” Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”
Eksplore Matthïeu 16:15-16
7
Matthïeu 16:17
Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.
Eksplore Matthïeu 16:17
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo