Luc 19

19
1Li te #Luc 18:35antre Jéricho e t ap travèse.
2La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich. 3Zachée t ap fè efò pou ta kab wè kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay. 4Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki rele#I Wa 10:27sikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.
5Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”
6Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.
7Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”
8Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt #Egz 22:1kat fwa sa.”
9Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se #Luc 3:8yon fis Abraham. 10Paske #Mat 18:11Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”
11Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke #Luc 9:51Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke #Luc 17:20wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman. 12Akoz sa a, Li te di: #Mat 25:14-30“Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.
14 “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’
15 “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.
16 “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”
17 “Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou #Luc 16:10fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’
18 “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’ 19Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’
20 “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
22 “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
24 “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’
25 “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
26 # Mat 13:12 “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
27 “Men #Luc 19:4lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”
28Lè L fin pale bagay sa yo, Li #Mc 10:32te pran devan pou monte vè Jérusalem.
29 # Mat 21:1-9 Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan. 30Li te di: “Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la. 31Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: ‘Senyè a gen bezwen li.’”
32Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.
33Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: “Poukisa nou ap demare jenn bourik la?”
34Yo te di: “Senyè a gen bezwen li.”
35 # Mat 21:4-9 Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.
36Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.
37Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse #Luc 18:43louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo. 38Yo t ap rele: #Sòm 118:26“Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!”
39 # Mat 21:15 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: “Mèt, reprimande disip ou yo!”
40Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, #Hab 2:11menm wòch yo va pran rele.”
41Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse #Luc 13:34-35kriye sou li. 42Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.
43 “Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va #Ekl 9:14fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote. 44Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni #Mat 24:2yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”
45 # Jn 2:13-16 Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo, 46Li te di yo: “Li ekri. #És 56:7‘Lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou fè l vin yon kav vòlè.’”
47Chak jou Li t ap #Mat 26:55enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li. 48Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab fè, paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te pale.

Chwazi Kounye ya:

Luc 19: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

Videyo pou Luc 19