Luc 18

18
1Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te #Luc 11:5-10dwe priye, e pa #II Kor 4:1dekouraje. 2Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa t#Luc 18:4respekte moun.
3 “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’
4 “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni # Luc 18:2 respekte moun, 5men#Luc 11:8akoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”
6Epi #Luc 7:13Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7Alò, èske Bondye p ap fè jistis pou#Mat 24:22sila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li va#II Pi 3:9fè anpil reta sou yo?
8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, # Luc 17:26 èske Li va twouve lafwa sou latè?”
9Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te#Luc 16:15 kwè nan tèt yo ke yo te jis, e#Wo 14:3,10te gade lòt yo kòm piba. 10“De mesye#I Wa 10:5te monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an te # Mat 6:5 kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwen#Luc 11:42peye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, e#Esd 9:6pa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men li#Luc 23:48t ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske # Mat 23:12 nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
15 # Mat 19:13-15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.
16Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.
17 “Anverite, Mwen di nou: # Mat 18:3 ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”
18 # Luc 10:25-28 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
19Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20Ou konnen kòmandman yo. #Egz 20:12-16‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
21Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
22Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. #Mat 19:21Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
23Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
24Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: #Mat 19:23“Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 25#Mat 19:24Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
26Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
27Men Li te di: #Mat 19:26“Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
28Konsa, Pierre te di: “Gade byen, #Luc 5:11nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
29Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke #Mat 6:33pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, 30ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e #Mat 12:32nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”
31 # Mat 20:17-19 Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve. 32#Mat 16:21Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li. 33Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”
34Men #Mc 9:32disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.
35 # Mat 20:20-34 Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.
36Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye. 37Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.
38Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, #Luc 18:38; Mat 9:27Fis a David la, Fè m gras!”
39Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, #Luc 18:38; Mat 9:27Fis a David la, Fè m gras!”
40Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l: 41“Kisa ou vle M fè pou ou?”
Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”
42Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; #Mat 9:22lafwa ou fè ou geri.”
43Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap #Mat 9:8bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Luc 18: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

Videyo pou Luc 18