Jean 4

4
1Pou sa, lè #Luc 7:13Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean 2(men #Jn 3:22-26Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l), 3li te kite #Jn 3:22Judée epi te pati #Jn 2:11ankò pou Galilée. 4Konsa, Li te oblije pase nan #Luc 9:52Samarie.
5Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre #Jen 33:19moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li. 6Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.
7Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a.
Jésus te di l: “Ban M bwè”. 8Paske #Jn 2:2disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.
9Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske #Esd 4:3-11Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)
10Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou #Jr 2:13dlo vivan an.”
11Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve #Jr 2:13dlo vivan sila a? 12Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te #Jn 4:6bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”
13Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò: 14Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska #Mat 25:46lavi etènèl.”
15Fanm nan te di Li: “Mesye, #Jn 6:35ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”
16Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”
17Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’ 18Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”
19Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se #Mat 21:11yon pwofèt. 20Papa zansèt nou yo te adore nan #Det 11:29mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”
21Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa #Mal 1:11ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a. 22Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske #És 2:3sali a sòti nan Jwif yo.
23 “Men # Jn 4:21 lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L. 24Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L #Fil 3:3an espri e anverite.”
25Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke #Dan 9:25Mesye, #Mat 1:16(sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”
26Jésus te di li: #Jn 8:24-28“Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”
27Nan moman sa a, #Jn 4:8disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”
28Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun: 29“Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. #Mat 12:23Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
30Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.
31Antre tan, disip yo t ap di L: #Mat 23:7“Rabbi, manje.”
32Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”
33Pou sa #Luc 6:13-16disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”
34Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou #Jn 5:36acheve travay Li a.
35 “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk #Mat 9:37-38rekòlt la.
36 “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou # Mat 9:29 lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. 37Paske nan sila a, pwovèb la vrè: #Job 31:8‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’
38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
39Anpil nan Samariten ki sòti nan #Jn 4:5-30vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj #Jn 4:29“Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”. 40Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.
41Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li. 42Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se #Mat 1:21Sovè a mond lan.”
43Apre #Jn 4:40de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée. 44Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke #Mat 13:57yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li. 45Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo #Jn 2:23te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
46Li te vini ankò nan vil #Jn 2:1Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47Lè Li te tande ke Jésus #Jn 4:3-54te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
48Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè #Dan 4:2sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”
49Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
50Jésus te di li: #Mat 8:13 “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
51Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
52Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
53Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi #Trav 11:14tout lakay li ansanm avèk li.
54Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te #Jn 4:45kite Judée pou L antre nan Galilée.

Chwazi Kounye ya:

Jean 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte