Jean 5

5
1Apre bagay sa yo, te gen #Det 16:1yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
2La nan Jérusalem toupre #Né 3:1-32 pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. 3Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. 4Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
5Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
6Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
7Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m #Jn 5:4nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
8Jésus te di l #Mat 9:6“Leve, pran kabann ou, epi mache!”
9Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. #Jn 9:14Jou sa a se te jou Saba.
10Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. #Né 13:19Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
11Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’”
12Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
13Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
14Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. #Mc 2:5Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
15Nonm nan te ale e te di #Jn 1:19Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
16Alò pou rezon sa a, #Jn 1:19Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
17Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
18Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, #Jn 10:33ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
19Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, #Mat 26:39Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 20#Jn 3:35Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi #Jn 14:12pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone. 21Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou #Wo 4:17bay yo lavi, menm jan an #Jn 11:25Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men #Jn 5:27Li te bay tout jijman a Fis la, 23Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. #Luc 10:16Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi #Jn 12:44kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi #Jn 3:18pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè #Luc 15:24mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi #Jn 6:60sa yo ki tande ap viv.
26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an #Jn 1:4Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27Li te bay Li otorite pou #Jn 9:39egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè #Jn 11:24tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29epi ap vin parèt. #Dan 12:2Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi #Jn 8:16jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men #Jn 4:34volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
31 # Jn 8:14 “Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. 32Gen #Jn 5:37yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
33 “Ou te voye kote Jean, epi Li #Jn 1:7-32 te bay temwayaj a verite a. 34Men #Jn 5:32 temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
35 “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te #Mc 1:5rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
36 “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske # Jn 10:25-38 zèv ke Papa a te ban M pou #Jn 4:34acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. 37E Papa a ki te voye M nan, #Mat 3:17Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
38 “E nou pa gen # I Jn 2:14 pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39#Jn 7:52Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
41 # Jn 5:44 “Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm. 42Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.
43 “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.
“Men #Mat 24:5si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l. 44Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache #Wo 2:29glwa a ki sòti sèlman nan #Jn 17:3sèl Bondye ki genyen an.
45 “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se #Jn 9:28Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
46 “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske #Luc 24:27li te ekri selon Mwen menm. 47Men #Luc 16:29-31si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”

Chwazi Kounye ya:

Jean 5: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte