Jean 2

2
1Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan #Jn 2:11Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. 2Jésus ansanm ak #Jn 1:40-49disip li yo te envite nan maryaj la.
3Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
4Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? #Jn 7:6-8 Lè M poko rive.”
5 # Mat 12:46 Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
6La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou #Mc 7:3koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
7Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
8Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
9Lè chèf sèvitè a te goute dlo a #Jn 4:46ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo #Mat 24:49bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
11Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre #Jn 1:14glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.
12Aprè sa Li te desann bò kote #Mat 4:13Capernaüm, Li ansanm avèk manman #Mat 12:46Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.
13 # Det 16:1-6 Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14 # Mal 3:1 Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16A sa yo ki t ap vann #Mat 21:12toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17 # Jn 2:2 Disip Li yo te sonje ke li te ekri #Sòm 69:9“Zèl pou lakay Ou va devore M.” 18Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: #Mat 12:38“Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”
19Jésus te reponn yo: #Mat 24:49“Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”
20Jwif yo te reponn: “Li te pran #Esd 5:16karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”
21Men Li t ap pale sou #I Kor 6:19tanp kò Li a. 22Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè #Sòm 16:10Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.
23Alò, lè L te nan Jérusalem, nan #Jn 2:13Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
24Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske #Trav 1:24Li te konnen tout moun. 25Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, #Mat 9:4paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.

Chwazi Kounye ya:

Jean 2: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte