Jean 1

1
1Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. #Jn 17:5 2Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3#Jn 1:10Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4#Jn 5:26Nan Li se te lavi, epi lavi se te #Jn 8:12limyè a lòm. 5#Jn 3:19Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
6Te #Mat 3:1vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, #Jn 1:12pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8Se pa #Jn 1:20li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
9Te gen #I Jn 2:8vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10Li te nan lemond, e #I Kor 8:6lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni #Jn 11:52pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13#Jn 3:5ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
14E pawòl la te #Fil 2:7vin lachè, e te viv pami nou. #Luc 9:32Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
15Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: #Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’” 16Paske nan #Ef 1:23plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17Paske #Jn 7:19Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18Pèsòn pa janm wè Bondye. Men #Jn 3:16,18Fis inik la, #Luc 16:22ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
19E sa se #Jn 1:7temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
20Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese:
# Luc 3:15 “Mwen menm se pa Kris la.”
21Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie?
Li te di: “Non mwen pa Li.”
“Èske ou menm se #Det 18:15-18Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
22Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”
23Li te di: “Mwen menm se #És 40:3yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
24Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 25E yo te mande l, e te di l: “Ebyen #Det 18:15-18poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
26Jean te reponn yo konsa: #Mat 3:11“Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen. 27Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm #Mat 3:11lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
28Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, #Jn 3:26lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.
29Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade #És 53:7Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan. 30Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: #Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 31Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
32Jean te fè temwayaj epi te di: #Mat 3:16“Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, #Mat 3:11se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 34Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se #Mat 4:3Fis Bondye a.”
35Ankò #Jn 1:29jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo, 36epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade #Jn 1:29Jenn Mouton Bondye a!”
37De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.
38Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: #Mat 23:7“Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”
39Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
40 # Mat 4:18-25 Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre. 41Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”
42Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, #Mat 16:17 fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
43Jou apre Li te vle antre nan #Mat 4:12Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”
44Philippe te sòti nan #Mat 11:21Bethsaïda, vil André avèk Pierre a. 45Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke #Luc 24:27Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
46Nathanaël te di l #Jn 7:41-52“Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”
47Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: #Wo 9:12“Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
48Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan #Mat 10:3Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”
49Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se #Mat 2:2Wa Israël la.”
50Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.” 51E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè #Éz 1:1 syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”

Chwazi Kounye ya:

Jean 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte