Jean 19

19
1Konsa, Pilate te pran Jésus epi #Mat 27:26te bat Li ak fwèt. 2#Mc 15:16-19Sòlda yo te trese yon kouwòn pikan e te mete li sou tèt Li. Yo te abiye Li ak yon gwo vètman mov. 3Yo t ap repete pawòl: “Sali, Wa Jwif Yo!” epi t ap #És 50:6bay Li kou nan figi li.
4Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m #Luc 23:4pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
5Konsa Jésus te vin parèt #Jn 19:2abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”
6Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!”
Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske #Luc 23:4mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
7Jwif yo te reponn li: #Lev 24:16“Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”
8Lè Pilate te tande pawòl sila a, li te vin krent plis. 9Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?”
Men #Mat 26:63Jésus pa t reponn li.
10Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”
11Jésus te reponn Li: #Wo 13:1“Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”
12Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: #Luc 23:2“Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”
13Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te #Mat 27:19chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha. 14Se te #Mat 27:62Jou Preparasyon pou Pak Jwif la.
Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”
15Pou sa yo te kriye fò: #Luc 23:18“Fè L soti, fè L soti, krisifye L!”
Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?”
Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”
16Konsa, li te #Mat 27:26livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
17 # Mat 27:33-44 Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha. 18La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.
19Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di #Mat 27:37“Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”
20Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan #Jn 19:13Ebre, Latin ak Grèk.
21Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri #Jn 19:14-19‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’
22Pilate te reponn #Jen 43:14“Sa ke m ekri a, mwen ekri nèt”.
23 # Mat 27:35 Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl moso twal san koud soti anwo, jis rive anba.
24Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di:
“Yo te #Sòm 22:18divize vètman Mwen yo pami yo,
e pou rad Mwen yo tire osò.”
Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.
25Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie #Mat 27:55Magdalène t ap kanpe prè kwa Jésus a.
26Konsa, lè Jésus te wè manman L ak #Jn 13:23disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”
27Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete #Luc 18:28tankou manm lakay li.
28Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: #Sòm 69:21“Mwen swaf.”
29Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi #Mat 27:48-50yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.
30Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te #Mat 27:50rann lespri Li.
31Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke #Det 21:23kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.
32Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te #Jn 19:18krisifye avèk li a. 33Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo. 34Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, #I Jn 5:6-8san mele avèk dlo te soti.
35E sila a ki wè gen tan #Jn 15:27bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè. 36Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli #Egz 12:46“Pa menm yon zo nan Li va kase.”
37E ankò yon lòt Ekriti di #Za 12:10“Yo va gade sila a ke yo pèse a.”
38 # Mat 27:57-61 Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.
39 # Jn 3:1 Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.
40Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te #Jn 11:44vlope l avèk #Luc 24:12twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.
41Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon #Mat 27:60tonm nèf kote #Luc 23:53pèsòn poko te poze. 42Pou sa, akoz jou #Jn 19:14-31Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.

Chwazi Kounye ya:

Jean 19: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte