Jean 12

12
1Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a. 2Konsa, yo te prepare yon manje pou li la.
# Luc 10:38 Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li. 3Nan lè sa a, #Luc 7:37Marie te pran yon liv pafen yo rele nà ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.
4Men #Jn 6:71Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di: 5“Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?” 6Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li #Jn 13:29te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje #Luc 8:3sa ke yo mete ladann.
7Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou #Jn 19:40jou lantèman M. 8#Det 15:11Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”
9Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare #Jn 11:43ke Li te leve sòti nan lanmò a.
10Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò. 11Paske #Jn 11:45akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.
12Nan jou aprè a, yon #Mat 21:4-9gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem, 13te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, #Sòm 118:26ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”
14Jésus te twouve yon jenn bourik e te chita sou li. Tankou li ekri, 15#Za 9:9“Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”
16Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann #Mc 9:32bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.
17Konsa, #Jn 11:42pèp la ki te avè L lè Li te rele Lazare deyò nan tonm nan, e te fè l leve sòti nan lanmò a, t ap toujou fè temwayaj de Li. 18#Luc 19:37Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a. 19Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”
20Konsa, te gen sèten #Jn 7:35Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la. 21Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan #Mat 11:21Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”
22Philippe te vin di #Jn 1:44André. E André ak Philippe te di Jésus sa.
23Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab #Jn 7:39resevwa glwa.
24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, #Wo 14:9sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi. 25#Mat 10:39Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.
26 “Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E # Jn 14:3 kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.
27 # Mat 26:38 “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a. 28Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!”
Yon #Mat 3:17vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”
29Foul la ki te kanpe la epi te tande sa, te di ke yo tande loraj. Lòt yo te di: #Trav 23:9“Yon zanj pale avèk Li.”
30Jésus te reponn e te di: #Jn 11:42“Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou. 31Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a #Jn 14:30mèt mond sa a va jete deyò. 32E Mwen, si Mwen #Jn 3:14gen tan leve wo anwo tè a, va #Jn 6:44atire tout moun kote Mwen menm.” 33Men Li te di sa #Jn 18:32pou montre ki kalite mò Li ta pral mouri an.
34Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke #Sòm 110:4Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”
35Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki #I Jn 1:6mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale. 36Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.
37Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li. 38Pou pawòl a pwofèt la, Ésaïe, ta kapab akonpli lè l te di: #És 53:1
“Senyè, kilès ki kwè nan rapò nou?
E a kilès bra Letènèl la devwale?”
39Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò: 40#És 6:10
“Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di,
sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo,
epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”
41Bagay sa yo, Ésaïe te di paske #És 6:1li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.
42Malgre sa, menm anpil nan #Luc 23:13gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta #Jn 9:22vin mete deyò nan sinagòg la. 43#Jn 5:41-44Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.
44Jésus te kriye e te di: #Mat 10:40“Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an. 45#Jn 14:9Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an. 46#Jn 1:4Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.
47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske #Jn 3:17Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.
48 # Luc 10:16 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. #Det 18:18Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.
49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M #Jn 14:31te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di. 50E Mwen konnen ke #Jn 6:68kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; #Jn 5:19 menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”

Chwazi Kounye ya:

Jean 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte