Jean 11

11
1Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li #Luc 10:38Marthe te rete a.
2Se te sè Lazare, Marie ki te #Luc 7:38onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. 3Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, #Jn 11:5-36sila ke ou renmen an malad.”
4Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, #Jn 9:3men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.” 5Konsa, Jésus te renmen #Jn 11:1Marthe ak sè li, ak Lazare. 6Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a. 7Apre sa, Li te di a disip Li yo: #Jn 10:40“Annou ale nan Judée ankò.”
8Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap #Jn 8:59eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”
9Jésus te reponn yo: #Luc 13:33“Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen a li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. 10Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”
11Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare #Mat 27:52gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”
12Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” 13Alò #Mat 9:24Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vrè dòmi.
14Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri, 15e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”
16Pou sa, Thomas, ke yo rele osi #Jn 20:24Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”
17Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou. 18#Jn 11:1Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.
19Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie #Job 2:11pou konsole yo konsènan frè yo.
20Pou sa, lè #Luc 10:38-42Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.
21Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, #Jn 11:32-37si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri. 22Menm koulye a, mwen konnen ke #Jn 9:31nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”
23Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”
24Marthe te reponn Li: #Dan 12:2“Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”
25Jésus te reponn Li: #Jn 1:4“Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, #Jn 6:47-50,51p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
27Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se #Mat 16:16Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”
28Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: #Mat 26:18“Mèt la rive, e L ap mande pou ou.” 29E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li. 30Jésus poko te rive nan bouk la, men #Jn 11:20te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a. 31#Jn 11:19-33Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.
32Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, #Jn 11:21si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”
33Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li #Jn 11:38te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34Li te di: “Kibò nou mete Li?”
Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”
35Jésus te #Luc 19:41kriye.
36E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li #Jn 11:3-5te renmen l.” 37Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a #Jn 9:7ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”
38Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon #Mat 27:60kav e yon wòch te apiye sou Li.
39Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”
40Jésus te di li: #Jn 11:4“Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”
41Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus #Jn 17:1te leve zye Li e te di: #Mat 11:25“Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men #Jn 12:30akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”
43Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.” 44E sila ki te mouri an te sòti #Jn 19:40byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e #Jn 20:7yon twal ki te vlope figi li.
Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”
45Pou sa, anpil nan sa #Jn 11:19ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.
46Men kèk nan yo te ale nan #Jn 7:32-45Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.
47Konsa, #Jn 7:32-45chèf prèt yo avèk Farizyen yo te #Mat 26:3konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.” 48“Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni #Mat 24:15plas nou, ni nasyon nou.”
49Men youn nan yo, Caïphe, #Jn 11:51ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen, 50ni nou pa kontwole ke #Jn 18:14li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.” 51Alò li pa t di sa pou kont li, men #Jn 18:13akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an. 52E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab #Jn 10:16ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo. 53Depi jou sa, yo t ap #Mat 26:4fè plan pou touye L.
54Pou sa, Jésus #Jn 7:1pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.
55Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, #Nonb 9:10pou yo ta kab vin pirifye. 56Konsa, yo #Jn 7:11t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?” 57Alò, #Jn 11:47chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.

Chwazi Kounye ya:

Jean 11: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte