Ésaïe 45

45
1Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa #Sòm 73:23men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:
2“Mwen va ale devan ou
pou #Sòm 107:6fè move kote yo vin swa.
Mwen va kraze pòt an bwonz yo
e fin koupe nèt ba an fè li yo.
3Mwen va bay ou #Jr 41:8trezò lannwit yo
ak richès k ap kache kote sekrè yo,
pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a,
Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.
4Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël,
sila ke M te chwazi a,
Mwen te, anplis, rele ou pa non ou.
Mwen te bay ou yon tit k ap respekte,
malgre ou #Trav 17:23pa t rekonèt Mwen.
5Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt.
Apa de Mwen menm, pa gen Bondye.
Mwen va #Sòm 18:39fòtifye ou,
malgre ou pa t rekonèt Mwen;
6ke #Sòm 102:15lèzòm ka konnen depi solèy leve
jiskaske solèy kouche,
ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm.
Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;
7Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a,
ki fè bonè e ki #És 31:2kreye malè.
Mwen se SENYÈ a,
ki fè tout sila yo.
8Degoute depi anwo, O syèl yo,
e kite nwaj yo vide fè ladwati desann.
Kite #Sòm 85:11latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi,
pou fè ladwati vòltije monte avè l.
Mwen, SENYÈ a te kreye l.
9Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a—
yon veso fèt ak tè pami veso latè yo!
Èske #És 29:16ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’
Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?
10Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’
Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”
11Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël
ak Kreyatè li a:
# Jr 31:9 “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo
e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!
12Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.
Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M
e mete tout #Jen 2:1lame selès pa yo an lòd.
13Mwen te fè leve nan li #És 41:2ladwati
e Mwen va fè wout li yo swa.
Li va bati vil Mwen,
e va kite egzile Mwen yo vin libere,
pa pou pèyman oswa rekonpans,”
pale SENYÈ dèzame yo.
14Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo
ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo,
mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou.
Yo va pou ou.
Yo va mache dèyè w.
Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou;
yo va fè siplikasyon a ou menm.
‘Anverite #Jr 16:19Bondye pami nou; e pa gen lòt.
Nanpwen lòt Bondye’”
15Anverite, Ou se yon Dye ki #Sòm 44:24kache tèt Li,
O Bondye Israël la, Sovè a!
16Yo va #És 42:17desi, imilye menm, yo tout.
Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.
17Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan.
Ou #És 49:23p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.
18Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a,
Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la;
Ki te etabli li, e Li pa t kreye li #Jen 1:2vid,
men te fòme l pou moun ka viv ladann di:
“Mwen se SENYÈ a.
Nanpwen lòt.
19Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa.
Mwen pa t di a desandan Jacob yo,
‘Chache M anven.’
Mwen, SENYÈ a, #Sòm 19:8pale ladwati.
Mwen deklare sa ki dwat.”
20 # És 43:9 “Rasanble nou e vini.
Rapwoche nou ansanm, nou menm,
refijye a nasyon yo.
Lòt yo pa gen konesans;
sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou,
e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.
21Deklare e prezante ka nou an.
Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm.
Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo,
ki te deklare sa depi lontan?
Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
Epi #És 45:5nanpwen lòt Dye sof ke Mwen,
yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.
22 # Nonb 21:8-9 “Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo;
paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.
23Mwen te sèmante pa Mwen menm,
pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati
e li p ap vire fè bak;
ke a Mwen menm, #Wo 14:11tout jenou va koube
e tout lang va sèmante fidelite.
24Yo va di de Mwen:
‘Se sèlman #Jr 33:16nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’”
Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te
fè laràj kont Li va vin wont nèt.
25Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin #I Wa 8:32jistifye
e va rejwi!

Chwazi Kounye ya:

Ésaïe 45: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte