1
Ésaïe 45:3
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.
Konpare
Eksplore Ésaïe 45:3
2
Ésaïe 45:2
“Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.
Eksplore Ésaïe 45:2
3
Ésaïe 45:5-6
Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen; ke lèzòm ka konnen depi solèy leve jiskaske solèy kouche, ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm. Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt
Eksplore Ésaïe 45:5-6
4
Ésaïe 45:7
Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, ki fè bonè e ki kreye malè. Mwen se SENYÈ a, ki fè tout sila yo.
Eksplore Ésaïe 45:7
5
Ésaïe 45:22
“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.
Eksplore Ésaïe 45:22
6
Ésaïe 45:1
Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen
Eksplore Ésaïe 45:1
7
Ésaïe 45:23
Mwen te sèmante pa Mwen menm, pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati e li p ap vire fè bak; ke a Mwen menm, tout jenou va koube e tout lang va sèmante fidelite.
Eksplore Ésaïe 45:23
8
Ésaïe 45:4
Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël, sila ke M te chwazi a, Mwen te, anplis, rele ou pa non ou. Mwen te bay ou yon tit k ap respekte, malgre ou pa t rekonèt Mwen.
Eksplore Ésaïe 45:4
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo