Osée 2

2
1“Di a frè ou a ‘Pèp mwen yo’!
Epi a sè ou yo, ‘Byen ame mwen an!’
2Rebike manman ou!
Rebike, paske li pa madanm mwen;
ni mwen pa mari li.
Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li,
ak adiltè li yo soti antre tete li yo;
3sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt
toutouni menm jan ak #Éz 16:4jou li te fèt la;
pou #És 32:13,14 fè l vin tankou yon peyi dezè
e touye li ak swaf.
4Anplis, Mwen p ap fè mizerikòd sou pitit li yo,
akoz yo se #Jr 13:14 pitit a pwostitiye.
5Paske manman yo te fè pwostitisyon.
Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di:
‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo,
ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen,
lwil ak bwason mwen.’
6Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan,
e Mwen va bati yon mi kont li
pou l pa ka twouve ti wout li yo.
7Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo,
men li p ap ka rive sou yo.
Li va chache yo, men li p ap jwenn yo.
Konsa li va di: ‘M ap prale retounen
kote premye mari Mwen an,
paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’
8Paske li #És 1:3 pa t konnen ke se te #Éz 16:19Mwen
ki te bay li sereyal la,
diven nèf ak lwil la,
e ki te bay li anpil lò ak ajan
ke yo te fè sèvi pou Baal yo.
9Akoz sa, Mwen va #Os 8:7reprann
sereyal Mwen an nan lè rekòlt la
ak diven Mwen an nan sezon li an.
Mwen va, anplis, retire lenn Mwen an
ak len Ki te pou kouvri pou li pa t toutouni an.
10Konsa, Mwen va #Éz 16:37dekouvri wont li devan zye
a tout moun ki renmen li yo,
e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen.
11Anplis, Mwen va #Jr 7:34 mete fen a tout kè kontan l;
# Os 3:4 fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a,
ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.
12Mwen va detwi pye rezen li yo
ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di:
‘Sa yo se salè mwen,
ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’
Mwen va #És 5:5fè yo tounen yon rakbwa,
e bèt chan va devore yo.
13Mwen va pini li pou jou Baal yo,
kote li te brile lasan nan,
lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo,
pou l swiv moun ki renmen li yo,
epi te#Os 4:6 bliye Mwen” deklare SENYÈ a.
14Pou sa, gade byen,
Mwen va atire li #Éz 20:33-38 mennen li
antre nan dezè a pou pale dous avèk li.
15Epi soti la, Mwen va bay li #Jos 7:26chan rezen yo,
ak Vale Akò a kon yon pòt espwa.
Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo,
tankou nan jou lè l te vin monte
soti nan peyi Égypte la.
16Li va vin rive nan jou sa a”,
deklare SENYÈ a,
“ke ou va rele Mwen: #És 54:5 ‘Mari mwen’
e ou p ap rele M ankò: ‘Met mwen’.
17Paske #Egz 23:13Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li,
pou yo pa nonmen pa non yo ankò.
18Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò
pou yo ak #Job 5:23 bèt chan yo,
zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo.
Mwen va #És 2:4aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a,
e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.
19Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan.
Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis,
nan lanmou dous ak konpasyon.#És 1:27
20Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite.
Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.#Jr 31:33,34
21“Li va vin rive nan jou sa a ke #És 55:10 Mwen va reponn”,
deklare SENYÈ a.
“Mwen va reponn a syèl yo,
e yo va reponn a tè a.
22Epi #Jr 31:12Latè va reponn a sereyal la,
diven nèf ak lwil la;
epi yo va reponn a Jizreel.
23Mwen va simen li kote M nan tè a,
Mwen va genyen mizerikòd pou li,
fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la.
Konsa, #Wo 9:25Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an:
‘Ou se pèp Mwen an!’
Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”

Chwazi Kounye ya:

Osée 2: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte