Osée 1

1
1Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.
2Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske #Det 31:16 peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”
3Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.
4Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non #Os 2:22Jizreel; paske deja nan yon ti tan #II Wa 10:11 mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini. 5Nan jou sa a, Mwen va #Jr 49:35 kraze banza Israël la nan #Jos 17:16vale Jizreel la.”
6Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap #Os 2:4 fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo. 7Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va #Jr 25:5,6delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa #Sòm 44:3-7 banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”
8Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.
9Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.” 10Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men #Wo 9:26; És 65:1 nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’ 11Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin #Jr 23:5,6rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo #Jr 30:21 yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.

Chwazi Kounye ya:

Osée 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte