Daniel 12

12
1“Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen #Rev 7:14yon tan gwo twoub #Jr 30:7 jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke gen non ekri nan liv la. 2#És 26:19Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, #Mat 25:46 yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3Sila ki gen bon konprann yo va #Jn 5:35briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki #És 53:11 mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan. 4Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e #És 8:16sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. #És 11:9 Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
5Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a. 6Konsa youn te di a mesye #Éz 9:2abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: #Dan 8:13 “Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”
7Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te #Éz 20:5leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou #Dan 7:25 yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
8Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”
9Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an. 10Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.
11“Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a #Dan 9:27 abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou. 12Beni se sila ki va tann, e rive jis nan #Dan 8:14 Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.
13“Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan #És 57:2 repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”

Chwazi Kounye ya:

Daniel 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte