Habacuc 2

2
1Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va #Sòm 5:3veye san rete pou wè #Sòm 85:8 ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L.
2Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: #Det 27:8 “Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou sila k ap kouri a, ka li l. 3Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, #Sòm 27:14tann li; paske anverite, li va vini. Li #Éz 12:25 p ap fè mize. 4Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men #Wo 1:17 moun dwat la va viv pa lafwa li. 5Anplis, diven devwale yon #Pwov 21:24moun ògeye, ki pa rete lakay li. #Pwov 27:20 L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.
6“Èske tout moun sa yo p ap #És 14:4-10 Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?” 7Èske moun ki dwe w yo p ap leve #Pwov 29:1 sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo. 8Akoz ou te #És 33:1 piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.
9“Malè a sila ki jwenn #Jr 22:13avantaj malonèt pou lakay li a, pou #Jr 49:16 mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè! 10Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te #Jr 26:19 peche kont pwòp nanm ou. 11Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.#Jos 24:27
12“Malè a sila ki #Mi 3:10 bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite! 13Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?#És 50:11 14Paske latè va #Sòm 22:27 ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè.
15“Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo! 16Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. #Jr 25:15,17Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e #Na 3:6 wont total va ranplase laglwa ou. 17Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.
18“Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fome pa yon#Jr 10:8,14pwofesè k ap bay manti? Paske sila menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bebe. 19Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e #Sòm 135:17 pa gen okenn souf ladann. 20Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”#Mi 1:2; So 1:7

Chwazi Kounye ya:

Habacuc 2: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte