Habacuc 1

1
1 # És 13:1 Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè. 2#Sòm 13:1,2Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou #Jr 14:9 pa delivre. 3Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se #Jr 20:8destriksyon ak vyolans ki devan mwen; #Jr 15:10 gwo konfli ak kont k ap leve toupatou. 4Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.#Sòm 58:1,2; És 5:20
5“Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l. 6Paske, gade byen, Mwen ap #II Wa 24:2leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou #Jr 8:10 sezi kote ki pa pou yo. 7Yo plen tout moun ak gwo #És 18:2,7laperèz, ak lakrent. #Jr 39:5-9 Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm. 8#Jr 4:13Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke #So 3:3 lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore. 9Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo #II Wa 12:17 se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab. 10Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo. 11Tankou #Jr 2:3 van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman #Jr 4:11koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.”
12Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon. 13Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?#Sòm 50:21; Sòm 35:25 14Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo? 15Pou Kaldeyen yo, yo #Jr 16:16 rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo #Sòm 10:9rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan. 16Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil. 17Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye #És 14:5,6 detwi nasyon yo san mizerikòd?

Chwazi Kounye ya:

Habacuc 1: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte