Ézéchiel 34

34
1Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, pwofetize kont #Jr 2:8bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an? 3Nou #Za 11:16manje grès e fè abiman ak len an. Nou kòche mouton gra a, san bay manje a bann mouton an. 4Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo. 5Yo te gaye akoz yo te manke yon bèje. Yo te devni #Éz 34:8-28manje pou tout bèt sovaj nan chan a, e yo te vin gaye nèt. 6Bann mouton Mwen an te #Jr 40:11-12mache egare nan tout mòn yo, ak sou tout wo kolin yo. Bann mouton Mwen an te gaye sou tout sifas tè a, e pa t gen moun pou ale jwenn yo, ni chache yo.”
7“‘Pou sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a: 8“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “anverite, akoz bann mouton Mwen an te vin #Trav 20:29viktim, bann mouton Mwen an te menm vin manje pa tout bèt chan yo, akoz yo te manke yon bèje. Bèje Mwen yo pa t chache bann mouton Mwen an, men bèje Mwen yo te nouri pwòp tèt pa yo. Konsa, yo pa t bay manje a bann mouton Mwen an. 9Akoz sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a:” 10Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont bèje yo, Mwen va egzije mouton Mwen yo nan men yo, e fè yo #I Sam 2:29-30sispann bay manje a mouton yo. Konsa bèje yo p ap bay pwòp tèt yo manje ankò, men Mwen va delivre bann mouton Mwen an soti nan bouch yo, pou yo ka pa sèvi kon manje pou yo ankò.”
11“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va #Éz 11:17chache mouton Mwen yo pou kont Mwen, e Mwen va chache jwenn yo. 12Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va #És 40:11pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la. 13Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote #És 30:25sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a. 14Mwen va bay yo manje nan yon #Sòm 23:2bon patiraj e pak kote yo manje a, va sou wotè mòn Israël yo. Nan yon bon pak yo va kouche. Yo va manje sou patiraj rich nan mòn Israël yo. 15Mwen va bay manje a bann mouton pa M nan e Mwen va mennen yo nan repo,” deklare Senyè BONDYE a. 16“Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki #És 10:16gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’
17“Epi pou nou menm, bann Mwen an, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va #Éz 20:38jije antre yon mouton ak yon lòt, antre belye ak mal kabrit. 18Èske se yon bagay ki #Nonb 16:9-13twò piti pou nou, pou nou ta manje nan bon patiraj, pou nou oblije foule anba pye nou rès patiraj nou yo? Oswa pou ou ta bwè nan dlo ki pwòp yo, pou ou oblije foule tout lòt yo ak pye nou? 19Pou bann mouton Mwen yo, oblije manje sa ke ou foule ak pye, e bwè sa ke ou fè vin sal ak pye ou!’
20“Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a a yo menm: ‘Gade byen, Mwen menm, Mwen va fè jijman antre mouton gra ak mouton mèg yo. 21Akoz nou pouse ak bò kote e ak zepòl la, e #Det 33:17lanse kòn sou tout sila ki fèb yo, jiskaske nou fin gaye yo a letranje, 22pou sa, Mwen va #Sòm 72:12-14delivre bann mouton Mwen an e yo p ap viktim ankò. Epi Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt. 23Konsa, Mwen va #Rev 7:17plase sou yo yon sèl bèje, sèvitè Mwen an, David e li va bay yo manje. Li va bay yo manje li menm e li va vin bèje yo. 24Epi Mwen menm, SENYÈ a, va vin Bondye yo, e sèvitè Mwen an, #És 55:3David, va prens pami yo. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.
25“‘Mwen va fè yon akò lapè ak yo e #Job 5:22-23retire bèt sovaj sou peyi a pou yo ka viv ansekirite nan dezè a, e dòmi byen nan forè a. 26Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon #Jen 12:2benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon. 27Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va #Éz 38:8-11ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo. 28Yo p ap viktim a nasyon yo ankò, e bèt latè yo p ap devore yo ankò. Men yo va #Jr 30:10viv ansekirite e pèsòn p ap fè yo pè. 29Mwen va etabli pou yo yon #És 4:2plantasyon ki plen rekonesans. Yo p ap viktim a gwo grangou ankò, ni yo p ap sipòte ensilt a nasyon yo ankò. 30Nan lè sa a, yo va konnen ke #Sòm 46:7-11Mwen menm, SENYÈ a, Bondye pa yo avèk yo e ke yo menm, lakay Israël la, se pèp Mwen, deklare Senyè BONDYE a. 31Pou nou menm, #Sòm 78:52mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”

Chwazi Kounye ya:

Ézéchiel 34: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte