1
Ézéchiel 34:16
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
“Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’
Konpare
Eksplore Ézéchiel 34:16
2
Ézéchiel 34:12
Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la.
Eksplore Ézéchiel 34:12
3
Ézéchiel 34:11
“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va chache mouton Mwen yo pou kont Mwen, e Mwen va chache jwenn yo.
Eksplore Ézéchiel 34:11
4
Ézéchiel 34:15
Mwen va bay manje a bann mouton pa M nan e Mwen va mennen yo nan repo,” deklare Senyè BONDYE a.
Eksplore Ézéchiel 34:15
5
Ézéchiel 34:31
Pou nou menm, mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”
Eksplore Ézéchiel 34:31
6
Ézéchiel 34:2
“Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an?
Eksplore Ézéchiel 34:2
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo