1
Ézéchiel 33:11
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’
Konpare
Eksplore Ézéchiel 33:11
2
Ézéchiel 33:7
“Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen.
Eksplore Ézéchiel 33:7
3
Ézéchiel 33:9
Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.
Eksplore Ézéchiel 33:9
4
Ézéchiel 33:6
Men si gadyen an wè nepe a ap vini, e li pa sonnen twonpèt la, moun yo pa avèti, e nepe a rive retire nenpòt moun pami yo, moun nan soti nan inikite li. Men san li, Mwen va egzije sa a nan men gadyen an.’
Eksplore Ézéchiel 33:6
5
Ézéchiel 33:5
Li te tande son twonpèt la men li pa t okipe l. San li va sou tèt li. Men si li te okipe sa a, li t ap sove lavi li.
Eksplore Ézéchiel 33:5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo