Ézéchiel 28

28
1Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di: 2“Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Akoz kè ou vin leve,
e ou te di: ‘Mwen se yon dye,
Mwen chita sou chèz Bondye,
nan kè lanmè yo’;
malgre, ou se yon #Sòm 9:20nonm
e ou pa yon dye;
sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—
3gade byen, ou pi saj ke #Dan 1:20Daniel.
Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.
4Ak sajès ou ak bon konprann ou,
ou te vin genyen richès pou tèt ou,
e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.
5Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou
e #Job 31:24-25kè ou vin leve akoz richès ou yo—”
6“‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Akoz ou te #Egz 9:17fè kè ou tankou kè Bondye,
7akoz sa, gade byen,
Mwen va mennen #Éz 26:7etranje yo sou ou,
sila ki pi sovaj pami nasyon yo.
Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou,
e yo va souye gwo bèlte ou a.
8Yo va mennen ou desann nan twou fòs la,
e ou va mouri #Éz 27:26-34lanmò a sila ki touye
nan kè lanmè yo.
9Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’,
nan prezans a sila ki te touye ou a?
Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye,
nan men a sila ki blese ou yo.
10Ou va mouri lanmò a #I Sam 17:26-36ensikonsi yo, nan men etranje yo,
paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”
11Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 12“Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Ou te genyen so pèfeksyon an,
plen sajès e pafè an bèlte.
13Ou te nan #Jen 2:8Éden, jaden Bondye a.
Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou:
Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp,
Safi, malachi, emwòd,
epi lò. Baz kalite travay
pou tout prezantasyon te nan ou.
Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.
14Ou te cheriben onksyone ki kouvri a
e Mwen te plase ou la.
Ou te sou mòn sen Bondye a.
Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.
15Ou te #Éz 27:3-4san fot nan tout chemen
ou yo depi jou ou te kreye a,
jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.
16Akoz #Éz 27:12gwo fòs kantite komès ou a,
ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans
e ou te peche.
Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane
sòti nan mòn Bondye a.
Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a,
soti nan mitan wòch dife a.
17Kè ou te vin leve wo akoz #Éz 27:3-4bèlte ou.
Ou te fè sajès ou vin konwonpi
akoz gwo bèlte ou a.
Mwen te jete ou atè.
Mwen te mete ou devan wa yo
pou yo wè ou.
18Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo,
nan enjistis de komès ou a,
ou te pwofane sanktyè ou yo.
Akoz sa, Mwen te mennen #Am 1:9-10dife soti nan mitan ou.
Li fin manje ou nèt.
Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a
devan zye a tout moun ki wè ou yo.
19Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo
vin etone jiskaske yo vin sezi de ou.
Ou te vin yon gwo etonman laperèz,
e ou va sispann egziste jis #Jr 51:64pou tout tan.”’”
20Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 21“Fis a lòm, mete figi ou vè #Jen 10:15-19Sidon. Pwofetize kont li, 22epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon,
e Mwen va vin glorifye nan mitan ou.
Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,
lè Mwen #Éz 28:26egzekite jijman ladann li,
e nan li, Mwen vin sen.
23Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l.
San ap koule nan ri li yo.
# Jr 51:52 Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li,
e nepe va antoure l tout kote.
Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
24“‘“P ap gen pou lakay Israël ankò #Nonb 33:55rakbwa pikan ni yon grenn pikan plen doulè k ap sòti nan sila ki te moke yo. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
25“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M #Sòm 106:47rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob. 26Yo va viv an sekirite ladann. Wi, yo va #Jr 32:15-44bati kay, plante chan rezen e viv ansekirite lè Mwen egzekite jijman sou tout sila ki moke de yo. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a.”’”

Chwazi Kounye ya:

Ézéchiel 28: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte