Ézéchiel 29

29
1Nan #Éz 6:1dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte. 3Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte,
# És 27:1 gwo mons la ki kouche nan mitan
rivyè li yo, k ap di:
‘Rivyè Nil lan se pou mwen
e se mwen menm ki te fè li.’
4 # II Wa 19:28 Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e
fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo.
Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo,
ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.
5Mwen va #Éz 32:4-6jete ou lwen nan dezè a,
ou menm ak tout pwason rivyè ou yo.
Ou va tonbe nan chan ouvri.
Ou p ap rasanble ni reyini ankò.
Mwen te bay ou kon manje bèt latè
ak zwazo syèl yo.
6“‘“Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon #II Wa 18:21gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. 7Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”
8“‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va #Jr 46:13mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. 9Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
“‘“Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’ 10Pou sa, gade byen, Mwen #Éz 13:8kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie. 11Pye a moun #Jr 43:11-12p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan. 12Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va #Jr 46:19gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”
13“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va #És 19:22rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. 14Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi #És 11:11Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. 15Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap #Éz 31:2renye sou lòt nasyon yo. 16Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinye#És 64:9pote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”’”
17Alò, #Éz 24:1nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18“Fis a lòm, #Jr 25:9Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an. 19Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout #Jr 43:10-13pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. 20Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te #És 10:6-7fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.
21“Nan jou sa a, #I Sam 2:10Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

Chwazi Kounye ya:

Ézéchiel 29: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte