Travay 3

3
1Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè #Sòm 55:17nevyèm è, lè lapriyè.
2Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo #Luc 16:20te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. 3Lè l te wè #Luc 22:8Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.
4Pierre te #Trav 10:4fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”
5Konsa, li te kòmanse koute yo, anatandan pou yo bay li yon kichòy.
6Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. #Trav 2:22Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” 7Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.
8Konsa #Trav 14:10li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.
9 # Trav 4:16 Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. 10Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan #Jn 9:8nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.
11Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan #Jn 10:23pòtay yo rele Salomon an.
12Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
13“Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a #Trav 3:26sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.
14“Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te #Mat 27:20mande yo livre bannou yon asasen, 15e te touye Prens Lavi a, sila menm ke #Trav 2:24Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te #Luc 24:48temwen.
16“Konsa, sou baz #Trav 3:6lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
17“E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji #Jn 15:21nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi. 18Men bagay ke #Trav 2:23Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, #Trav 17:3ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.
19“Donk #Trav 2:38repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan #Mat 17:11restorasyon tout bagay ke #Luc 1:70Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.
22“Moïse te di: #Det 18:15,18‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. 23#Det 18:19E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila #Lev 23:29va detwi nèt pami pèp la.’
24“Epi menm jan an #Luc 24:27tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.
25“Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: #Jen 22:18‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.
26“ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”

Chwazi Kounye ya:

Travay 3: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte