Travay 14

14
1Nan Icone #Trav 13:5yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan #Trav 2:47ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.
2Men Jwif ki #Jn 3:36pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.
3Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e #Trav 4:29t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.
4 # Trav 17:4 Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a #Trav 13:45,50Jwif yo, e kèk vè apòt yo.
5Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan #Trav 14:19lapide yo, 6yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak #Trav 14:20Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an. 7Epi la Yo te kontinye #Trav 14:15,21preche bòn nouvèl la.
8Nan Lystre te chita yon #Trav 3:2sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache. 9Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen #Mat 9:28lafwa pou l ta geri, 10li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” #Trav 3:8Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.
11Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an #Trav 28:6“Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.” 12Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.
13Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l #Dan 2:46te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.
14Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te #Nonb 14:6chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele 15“Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an #Egz 20:11ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann. 16Nan jenerasyon ki pase yo, Li te #Trav 17:30pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo. 17Men malgre sa #Trav 17:26Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”
18Malgre tout pawòl sa yo, se te avèk difikilte ke yo te anpeche foul la fè sakrifis a yo menm.
19Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo #Trav 14:5te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.
20Men pandan #Trav 11:26disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la.
Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe. 21Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e #Trav 2:47te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. 22La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan #Trav 6:7lafwa, e te di: #Jn 16:33“Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.” 23#Tit 1:5Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, #Trav 13:3priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
24Konsa, yo te travèse #Trav 13:14Pisidie, pou rive #Trav 13:13Pamphylie. 25Lè yo te fin pale pawòl la nan Perge, yo te desann Attalie.
26Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te #Trav 11:23premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a. 27Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri #I Kwo 16:9pòt lafwa a pèp etranje yo. 28La yo te pase anpil tan avèk #Trav 11:26disip yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 14: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte