Travay 13

13
1Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak #Wo 12:6mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
2Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou #Trav 9:15travay ke mwen rele yo a.”
3Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te #Trav 6:6poze men sou yo e te voye yo ale.
4 # Trav 4:36 Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. 5Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis #Trav 12:12Jean te la pou ede yo.
6Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten #Trav 8:9majisyen Jwif, yon #Mat 7:15fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus 7ki te avèk #Trav 13:8,12pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
8Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont #Trav 6:7lafwa a. 9Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, #Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm #Mat 13:38fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11Koulye a, gade byen #Egz 9:3men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
12Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de #Trav 8:25doktrin Senyè a.
13Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. #Trav 12:12Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
14Men kontinye soti Perge yo te rive #Trav 14:19,21Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. 15Aprè Lalwa ak #Trav 13:27Pwofèt yo #Trav 15:21te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
16Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki #Trav 10:2krent Bondye, koute: 17Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te #Egz 1:7fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve #Egz 12:51Li te mennen yo sòti ladann. 18#Nonb 14:34Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
19“Lè L te fin detwi #Det 7:1sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te #Jos 14:1divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane. 20Apre bagay sa yo, Li te #Jij 2:16bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
21“Yo te #I Sam 8:5mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo #I Sam 9:1Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
22“Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: #I Sam 13:14‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
23“Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël #Luc 2:11yon Sovè, Jésus.
24“Avan Li te vini #Mc 1:1-4Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la. 25Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, #Mat 3:11li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
26“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj #Jn 6:68sali sila a voye. 27Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. 28Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te #Mat 27:22,23mande Pilate pou li ta fè l mouri. 29Epi lè yo te #Trav 26:22fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te #Luc 23:53retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
30“Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. 31Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, #Trav 1:3 te wè li, menm sila yo ki koulye a se #Luc 24:48temwen Li a pèp la.
32“Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a #Wo 4:13pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:
# Sòm 2:7 ‘Ou se Fis Mwen;
jodi a Mwen fè Ou.’
34“Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: #És 55:3‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
35“Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke #Sòm 16:10‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
36“Paske David, apre li te sèvi #Trav 13:22plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. 37Men Sila ke Bondye te #Trav 2:24fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
38“Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke #Luc 24:47atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39Selon Li menm, #Trav 10:43tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
40“Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale #Luc 24:44nan pwofèt yo pa vini sou nou:
41 # Hab 1:5 ‘Gade byen mokè yo;
Vin etone, e peri!
Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo,
yon zèv ke nou p ap janm kwè,
menmsi yon moun ta eksplike nou li.’”
42Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen #Trav 13:14Saba a. 43Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak #Trav 17:4pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan #Trav 11:23gras Bondye a.
44Nan #Trav 13:14pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
45Men lè #Trav 13:50Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
46Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm #Trav 3:26avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen #Trav 18:6n ap vire bò kote pèp etranje yo. 47Paske konsa Senyè a te kòmande nou:
# És 42:6 ‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo,
pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
48Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki #Wo 8:28te nome pou lavi etènèl yo te kwè. 49#Trav 13:12Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
50Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou #Trav 16:14fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.
51Men #Mat 10:14yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
52Epi disip yo te kontinye #Trav 2:4ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.

Chwazi Kounye ya:

Travay 13: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte