Travay 12

12
1Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo. 2Li #Mat 4:21te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.
3Lè l te wè ke sa te #Trav 24:27fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo. 4Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon #Egz 12:1-27apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.
5Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
6Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te #Trav 21:33byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
7Epi vwala #Trav 5:19yon zanj Senyè a #Luc 2:9te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”
Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
8Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
9Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te #Trav 9:10yon vizyon ke li t ap fè. 10Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te #Trav 5:19ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.
11Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke #Dan 3:28Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
12Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a #Trav 12:25Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye. 13Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn. 14Lè l te rekonèt vwa Pierre a #Luc 24:41akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.
15Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se #Mat 18:10zanj li”.
16Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone. 17Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ #Mc 6:3 Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.
18Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.
19Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou #Trav 16:27 yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.
20Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke #I Wa 5:11peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.
21Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.
22Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!” 23Imedyatman #II Sam 24:16yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.
24Men #Trav 6:7pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.
25Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem #Trav 12:12lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.

Chwazi Kounye ya:

Travay 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte