Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan. Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo toutbon. Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive kon sa avèk espwa sa: kreyasyon an p ap kontinye rete esklav anba fòs sa yo k ap detwi l. Bondye vle kreyasyon an jwi menm libète ak laglwa pitit Bondye yo va genyen. Nou konnen se plenn tout kreyasyon an ap plenn, jouk jodi a, menm jan ak yon fanm ansent k ap akouche. Se pa sèlman kreyasyon an, men nou menm tou ki gen Sentespri Bondye a kòm garanti. N ap plenn ak lapenn nan kè nou pandan n ap tann lè a fin rive nèt, lè pou nou jwenn adopsyon nou kòm pitit Bondye, lè pou kò nou rive libere. Bondye sove nou pou n ka gen espwa sa a. Se pa yon bagay nou wè kounye a. Si nou te ka wè sa, sa pa t ap yon espwa. Yon moun p ap espere sa l gentan genyen. Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.
Li Wòm 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Wòm 8:18-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo