Wòm 8

8
Lavi nan Sentespri a
1Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikris yo. 2Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w#8:2 w Kèk nan kopi Grèk yo genyen “mwen”. Se menm bagay nan fraz ki vin apre a. anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikris. 3Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a. 4Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.
5Moun k ap mache dapre feblès yo, yo panse sèlman ak sa yo vle. Men moun k ap mache anba kontwòl Sentespri a, yo panse selon volonte Sentespri a. 6Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran. 7Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye. 8Moun ki anba kontwòl feblès lachè yo, yo pa ka fè Bondye plezi.
9Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la. 10Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche. 11Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.
12Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa dwe kite se feblès lachè k ap dirije nou epi k ap fè nou fè sa l vle. 13Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.
14Moun ki pitit Bondye, se moun ki kite Lespri Bondye dirije yo. 15Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba,#8:15 Abba Mo “Abba” se yon mo nan lang Arameyen ti moun Jwif konn sèvi pou yo rele papa yo. Papa.” 16Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. 17Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikris. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.
N ap gen laglwa yon jou
18Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan. 19Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo#8:19 pitit li yo Literalman, “pitit Bondye yo”, Pòl di sa pou l fè diferans ant kwayan yo ak anperè Women an, se anperè a yo te konn di se yon “pitit Bondye” li ye. toutbon. 20Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive kon sa avèk espwa sa: 21kreyasyon an p ap kontinye rete esklav anba fòs sa yo k ap detwi l. Bondye vle kreyasyon an jwi menm libète ak laglwa pitit Bondye yo va genyen.
22Nou konnen se plenn tout kreyasyon an ap plenn, jouk jodi a, menm jan ak yon fanm ansent k ap akouche. 23Se pa sèlman kreyasyon an, men nou menm tou ki gen Sentespri Bondye a kòm garanti. N ap plenn ak lapenn nan kè nou pandan n ap tann lè a fin rive nèt, lè pou nou jwenn adopsyon nou kòm pitit Bondye, lè pou kò nou rive libere. 24Bondye sove nou pou n ka gen espwa sa a. Se pa yon bagay nou wè kounye a. Si nou te ka wè sa, sa pa t ap yon espwa. Yon moun p ap espere sa l gentan genyen. 25Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.
26Sentespri a ede nou tou, paske nou sitèlman fèb. Nou pa menm konnen kijan pou n ta priye, men Sentespri a li menm pale ak Bondye pou nou, li sèvi ak soupi nou pa menm gen mo pou n ta tradui yo. 27Bondye gentan konnen panse ki nan fon kè nou. Epi li konprann sa Sentespri a gen entansyon di li, paske Sentespri a ap pale pou pèp Bondye a yon fason ki tonbe daplon ak volonte Bondye.
28Nou konnen Bondye#8:28 Bondye Oubyen “Sentespri a”. ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa. 29Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikris, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè. 30Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.
Bondye renmen nou nan Jezikris
31Ki sa n ta di sou sa? Poutèt Bondye pou nou, ki moun ki ka kanpe kont nou? 32Menm pwòp pitit li Jezikris Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikris, pitit li a. 33Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li. 34Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikris te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou. 35Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li? 36Jan Bib la di l,
“Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan.
Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”#Sòm 44:22.
37Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou. 38-39Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikris, Senyè nou an.

Chwazi Kounye ya:

Wòm 8: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an