Wòm 13

13
Obeyisans anvè otorite yo
1Nou dwe obeyi tout otorite ki plase sou tèt nou. Paske se Bondye ki mete tout otorite. Otorite ki la yo, se Bondye ki plase yo. 2Konsa, si yon moun ap lite kont yon otorite, se kont volonte Bondye li pran pozisyon. Si yon moun ap lite kont otorite yo, se jijman l ap rele sou pwòp tèt li. 3Yon moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè otorite yo, men si nou fè sa ki mal, se pou n pè yo. Ou pa vle pè otorite yo? Enben, fè sa ki byen, epi otorite yo va felisite w.
4Otorite yo, se sèvis Bondye y ap fè pou ede nou. Men si ou fè sa ki mal, ou gen rezon pè yo, paske se pa pou anyen otorite yo gen pouvwa pou pini moun. Otorite yo se sèvitè Bondye plase pou pini moun k ap fè sa ki mal. 5Poutèt sa, se pou n soumèt nou anba otorite yo. Se pa pou yo pa pini nou sèlman, men se paske nou konnen se sa ki dwat pou nou fè.
6Se poutèt sa nou peye taks yo. Moun k ap dirije yo dwe gen yon salè pou tout responsabilite sa yo yo genyen. Se pou Bondye y ap travay. 7Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l.
Renmen pwochen w, se sa ki lalwa
8Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande. 9Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.”#Egz 20:13-15, 17. Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen#13:9 pwochen Oubyen “lòt yo”. Ansèyman Jezi nan Lik 10:25-37 fè nou konprann yon pwochen se tout moun ki nan bezwen. w menm jan w renmen pwòp tèt ou!”#Lev 19:18. 10Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.
11Nou konnen nan ki tan n ap viv kounye a: Se lè pou n pa dòmi! Jou delivrans nou an pi pre kounye a pase lè nou te fenk kwè. 12Nuit lan prèske fin i. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo. 13Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi. 14Men, se pou n abiye nou ak Jezikris, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.

Chwazi Kounye ya:

Wòm 13: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an