Wòm 12

12
Bay Bondye lavi w
1Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se kon sa vrèman vre nou ta dwe adore l. 2Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.
3Poutèt Bondye fè m yon gras espesyal pou m di nou tout: Pa bay tèt nou plis enpòtans pase sa n genyen. Nou dwe wè tèt nou jan nou ye a, dapre kantite lafwa Bondye ban nou chak. 4Paske, menm jan nou chak gen yon sèl kò ak anpil manm, epi tout manm yo pa gen menm wòl pou yo jwe, 5se kon sa tou, nou anpil epi nou fòme yon sèl kò nan Kris, epi nou se manm youn lòt.
6Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li. 7Si yon moun gen don pou rann sèvis, se pou l rann sèvis. Moun ki gen don pou l anseye, se pou l anseye. 8Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan.
9Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen. 10Se pou nou youn renmen lòt paske nou se manm yon menm fanmi. Se pou nou toujou premye nan chache onore youn lòt. 11Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a. 12Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè. 13Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.
14Mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite w yo. Mande Bondye beni yo, pa mande l modi yo. 15Se pou n kontan avèk moun ki kontan yo, pataje tristès sa yo ki nan lapenn. 16Viv nan inite youn ak lòt pandan n ap chache viv nan lapè. Pa tonbe nan foli grandè, men se pou w dakò fè zanmi ak moun ki san enpòtans nan je lòt moun. Pa pran tèt ou pou moun ki saj.
17Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon. 18Fè sa w kapab pou w viv nan lapè ak tout moun toutotan sa posib. 19An n pa chache fè tèt nou jistis, byenneme. An n tann kòlè Bondye pito, paske Pawòl Bondye di: “Vanjans se pou mwen, se mwen k ap pini chak moun pou sa l fè.”#Det 32:35. 20Men,
“si lènmi w yo grangou,
ba yo manje.
Si yo swaf,
ba yo bwè.
Lè w fè sa, se yon pil chabon dife tou limen
w ap sanble sou tèt yo.”#Pwo 25:21, 22.
21Pa kite sa ki mal ranpòte laviktwa sou ou, fè sa ki byen pou w ka ranpòte laviktwa sou sa ki mal.

Chwazi Kounye ya:

Wòm 12: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an